< Sòm 136 >

1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan; 4 A (Sila) sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 5 A (Sila) ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 6 a (Sila) ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 7 a (Sila) ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 8 solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 10 A (Sila) ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 13 a (Sila) ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 14 ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 16 a (Sila) ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 17 a (Sila) ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 18 ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 19 Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 20 ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 21 e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 25 ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 26 Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

< Sòm 136 >