< Sòm 135 >

1 Beni SENYÈ a! Beni non SENYÈ a! Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo, 2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an! 3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl. 4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li. 5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo. 6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l, nan syèl la oswa sou tè a, nan lanmè yo ak nan tout fon yo. 7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo. 8 Li te frape premye ne Égypte yo, ni lòm, ni bèt. 9 Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte, sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo. 10 Li te frape anpil nasyon, e te detwi wa pwisan yo, 11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo. 12 Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj, yon eritaj a Israël, pèp Li a. 13 Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan, Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo. 14 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo. 15 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò, zèv a men a lòm. 16 Yo gen bouch, men yo pa pale. Yo gen zye, men yo pa wè. 17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande, ni nanpwen souf nan bouch yo. 18 (Sila) ki fè yo va vin tankou yo. Wi, tout (sila) ki mete konfyans nan yo. 19 O lakay Israël, beni SENYÈ a! O lakay Aaron, Beni SENYÈ a! 20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a! Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a! 21 Ke SENYÈ a beni soti nan Sion, (Sila) ki abite Jérusalem nan, Beni SENYÈ a!

< Sòm 135 >