< Sòm 130 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. 2 SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo. 3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe? 4 Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou. 5 Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m. 6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a. 7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans. 8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

< Sòm 130 >