< Sòm 13 >

1 Pou direktè koral la; yon sòm David Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen? 2 Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen? 3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri; 4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk. 5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou 6 Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.

< Sòm 13 >