< Sòm 126 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou (sila) ki fè rèv yo. 2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.” 3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan. 4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a. 5 (Sila) ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa. 6 (Sila) ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.

< Sòm 126 >