< Sòm 123 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la! 2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras. 3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz. 4 Nanm nou ranpli ak ensilt a (sila) ki alèz yo, avèk mepriz a (sila) ki plen ògèy yo.

< Sòm 123 >