< Sòm 12 >

1 Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd Yon sòm David. Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo. 2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale. 3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo; 4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?” 5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de (sila) ki maltrete l la.” 6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa. 7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon (sila) a jis pou tout tan. 8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.

< Sòm 12 >