< Sòm 112 >

1 Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! (Sila) ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo. 2 Desandan li yo va pwisan sou latè. Jenerasyon ladwati a va beni. 3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan. 4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a; Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis. 5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an. 6 Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan. 7 Li p ap krent move nouvèl. Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a. 8 Kè li kanpe janm. Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè li gade ak kè kontan advèsè li yo. 9 Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè. 10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.

< Sòm 112 >