< Sòm 105 >

1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo. 2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo. 3 Bay non Li glwa! Kite kè a (sila) ki chache SENYÈ yo vin kontan. 4 Chache SENYÈ a ak fòs Li. Chache fas Li san rete. 5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo. 6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, (sila) ke Li te chwazi yo! 7 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman Li yo nan tout latè. 8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon. 9 Akò ke Li te fè avèk Abraham nan, ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la. 10 Li te konfime li a Jacob kon yon règleman, a Israël kon yon akò ki la pou tout tan. 11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan kon pòsyon eritaj ou,” 12 Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye, pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l. 13 Yo t ap mache toupatou soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt, soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp. 14 Li pa t kite pèsòn peze yo. Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm: 15 “Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!” 16 Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt. 17 Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav. 18 Yo te aflije pye li ak chenn. Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo, 19 jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm. 20 Wa a te voye lage li. Dirijan a pèp la menm, te bay li libète. 21 Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo, 22 pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès. 23 Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan. 24 SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil. Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo. 25 Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo. 26 Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi. 27 Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo, avèk mirak nan peyi Cham yo. 28 Li te voye tenèb e te fè l fènwa. Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo. 29 Li te fè dlo yo devni san e te fè pwason yo mouri. 30 Peyi yo te ranvaye avèk krapo, menm jis rive nan chanm a wa yo. 31 Li te pale e te vin rive yon epidemi mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo. 32 Li te bay yo lagrèl pou lapli, avèk dife brile nan peyi yo. 33 Li te frape fè desann tout chan fwi yo e te kraze fann pyebwa nan teritwa yo. 34 Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl. 35 Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo, e te manje fwi a teren yo. 36 Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo. 37 Li te fè yo sòti ak ajan ak lò. Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe. 38 Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo. 39 Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la. 40 Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la. 41 Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè. 42 Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a. 43 Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, (sila) ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo. 44 Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo, Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo, 45 pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo. Louwe SENYÈ a!

< Sòm 105 >