< Sòm 105 >

1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
Give thanks to the Lord, call on his name: make known his deeds among the nations.
2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.
Sing to him, make music to him, tell of all his wondrous works.
3 Bay non Li glwa! Kite kè a (sila) ki chache SENYÈ yo vin kontan.
Make your boast in his holy name, be glad at heart, you who seek the Lord.
4 Chache SENYÈ a ak fòs Li. Chache fas Li san rete.
Seek after the Lord and his strength, seek his face evermore.
5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.
Remember the wonders he did, his portents, the judgments he uttered,
6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, (sila) ke Li te chwazi yo!
you who are offspring of Abraham, his servant, the children of Jacob, his chosen ones.
7 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman Li yo nan tout latè.
He is the Lord our God: in all the earth are his judgments.
8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.
He remembers forever his covenant, his promise for a thousand generations
9 Akò ke Li te fè avèk Abraham nan, ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
The covenant he made with Abraham, the oath he swore to Isaac,
10 Li te konfime li a Jacob kon yon règleman, a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
and confirmed as a statute to Jacob, a pact everlasting to Israel
11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan kon pòsyon eritaj ou,”
to give them the land of Canaan as the lot which they should inherit.
12 Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye, pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l.
And when they were very few, few and but pilgrims therein,
13 Yo t ap mache toupatou soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt, soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.
wandering from nation to nation, journeying from people to people,
14 Li pa t kite pèsòn peze yo. Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:
he allowed no one to oppress them, even punishing kings for their sakes.
15 “Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”
He forbade them to touch his anointed, or do any hurt to his prophets.
16 Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.
When he called down famine on the land, and cut off the bread which sustained them,
17 Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.
he sent before them a man, Joseph, who was sold as a slave.
18 Yo te aflije pye li ak chenn. Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,
His feet were galled with fetters, he was laid in chains of iron,
19 jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.
till the time that his word came to pass, the word of the Lord that had tried him.
20 Wa a te voye lage li. Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.
The king sent and freed him, the ruler of nations released him.
21 Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,
He made him lord of his household, and ruler of all his possessions,
22 pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
to admonish his princes at will and instruct his elders in wisdom.
23 Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.
Thus Israel came into Egypt, Jacob sojourned in the land of Ham.
24 SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil. Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo.
His people he made very fruitful, and mightier than their foes.
25 Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
He inspired them to hate his people, and to deal with his servants craftily.
26 Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.
He sent his servant Moses, and Aaron whom he had chosen,
27 Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo, avèk mirak nan peyi Cham yo.
portents he wrought in Egypt, and signs in the land of Ham.
28 Li te voye tenèb e te fè l fènwa. Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.
Darkness he sent, and it fell: yet they gave no heed to his word.
29 Li te fè dlo yo devni san e te fè pwason yo mouri.
He turned their waters into blood, thus causing their fish to die.
30 Peyi yo te ranvaye avèk krapo, menm jis rive nan chanm a wa yo.
Their land was alive with frogs, swarming even in the royal chambers.
31 Li te pale e te vin rive yon epidemi mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.
At his command came flies, and lice in all their borders.
32 Li te bay yo lagrèl pou lapli, avèk dife brile nan peyi yo.
He gave them hail for rain and fire that flashed through the land,
33 Li te frape fè desann tout chan fwi yo e te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.
smiting their vines and figs, breaking the trees of their border.
34 Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl.
At his command came locusts, young locusts beyond all counting,
35 Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo, e te manje fwi a teren yo.
which ate every herb in the land, ate up, too, the fruit of their ground.
36 Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo.
He struck down in their land all the firstborn, the firstlings of all their strength
37 Li te fè yo sòti ak ajan ak lò. Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.
Then forth he led Israel with silver and gold, and among his tribes no one was weary.
38 Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.
Egypt was glad when they left, for terror had fallen upon them.
39 Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la.
He spread out a cloud to screen them, and fire to give light in the night.
40 Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.
He sent quails at their entreaty, and heavenly bread in abundance.
41 Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.
He opened the rock; waters gushed: in the desert they ran like a river.
42 Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
For he remembered his holy promise to Abraham his servant.
43 Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, (sila) ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.
So he led out his people with joy, his elect with a ringing cry.
44 Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo, Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,
And he gave them the lands of the nations, the fruit of their toil for possession,
45 pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo. Louwe SENYÈ a!
that so they might keep his statutes, and be of his laws observant. Hallelujah.

< Sòm 105 >