< Sòm 1 >

1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo, 2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit. 3 Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi. 4 Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale. 5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an, ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo. 6 Paske SENYÈ a konnen chemen a (sila) ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.

< Sòm 1 >