< Pwovèb 29 >

1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd. 2 Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi. 3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li. 4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li. 5 Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li. 6 Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi. 7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a. 8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; men moun saj yo kalme kòlè. 9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo. 10 Moun k ap vèse san rayi inosan an; men moun dwat yo pwoteje lavi li. 11 Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl. 12 Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan. 13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble; se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de. 14 Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan. 15 Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l. 16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo. 17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi. 18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren; men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a. 19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav; paske malgre li konprann, li p ap reponn. 20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm. 21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis. 22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò. 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè. 24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen. 25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo. 26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a. 27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

< Pwovèb 29 >