< Pwovèb 27 >

1 Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote. 2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou. 3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de. 4 Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi. 5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache. 6 Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi. 7 Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous. 8 Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li. 9 Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li. 10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen. 11 Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an. 12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a. 13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a. 14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li. 15 Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan: 16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, oswa sezi lwil ak men dwat li. 17 Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l. 18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè. 19 Tankou nan dlo, figi reflete figi, konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l. 20 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè. (Sheol h7585) 21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa. 22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li. 23 Konnen byen kondisyon a bann ou yo, e okipe twoupo ou yo; 24 paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon. 25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase. 26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, e kabrit yo va mennen pri a yon chan. 27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

< Pwovèb 27 >