< Pwovèb 18 >

1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l. 2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li. 3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; e avèk dezonè, wont vin parèt. 4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan. 5 Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo. 6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; bouch li ap mande kou. 7 Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li. 8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann. 9 Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi. 10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou. 11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li. 12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè. 13 Sila ki bay repons avan li koute a; plen foli ak wont. 14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li? 15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans. 16 Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan. 17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l. 18 Tiraj osò fè konfli sispann; lap pran desizyon antre moun pwisan yo. 19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl. 20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi. 21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li. 22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay, e twouve favè SENYÈ a. 23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di. 24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

< Pwovèb 18 >