< Pwovèb 14 >

1 Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li. 2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li. 3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo. 4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès. 5 Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti. 6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan. 7 Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo. 8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon. 9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte. 10 Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje. 11 Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri. 12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an. 13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès. 14 Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a. 15 Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo. 16 Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen. 17 Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo. 18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans. 19 Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la. 20 Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi. 21 Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni. 22 Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon. 23 Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete. 24 Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo. 25 Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz. 26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou. 27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo. 28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt. 29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo. 30 Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri. 31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L. 32 Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri. 33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen. 34 Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp. 35 Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

< Pwovèb 14 >