< Resansman 7 >

1 Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.
ויהי ביום כלות משה להקים את המשכן וימשח אתו ויקדש אתו ואת כל כליו ואת המזבח ואת כל כליו וימשחם ויקדש אתם
2 Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo.
ויקריבו נשיאי ישראל ראשי בית אבתם הם נשיאי המטת הם העמדים על הפקדים
3 Lè yo te mennen ofrann pa yo devan SENYÈ a, sis kabwèt kouvri, avèk douz bèf kabwèt, yon kabwèt pou chak de chèf, yon bèf pou chak nan yo, epi yo te prezante yo devan tabènak la.
ויביאו את קרבנם לפני יהוה שש עגלת צב ושני עשר בקר--עגלה על שני הנשאים ושור לאחד ויקריבו אותם לפני המשכן
4 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
ויאמר יהוה אל משה לאמר
5 “Aksepte bagay sa yo pou yo menm, pou yo kapab sèvi nan sèvis Tant Asanble a, e ou va bay yo a Levit yo, a chak mesyè selon sèvis pa yo.”
קח מאתם והיו לעבד את עבדת אהל מועד ונתתה אותם אל הלוים איש כפי עבדתו
6 Konsa, Moïse te pran kabwèt yo avèk bèf yo, e li te bay yo a Levit yo.
ויקח משה את העגלת ואת הבקר ויתן אותם אל הלוים
7 De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon sèvis pa yo,
את שתי העגלות ואת ארבעת הבקר--נתן לבני גרשון כפי עבדתם
8 epi kat kabwèt avèk uit bèf, li te bay a fis Merari yo, selon sèvis pa yo, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
ואת ארבע העגלת ואת שמנת הבקר--נתן לבני מררי כפי עבדתם ביד איתמר בן אהרן הכהן
9 Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.
ולבני קהת לא נתן כי עבדת הקדש עלהם בכתף ישאו
10 Chèf yo te ofri ofrann dedikasyon an pou lotèl la lè li te fin onksyone. Konsa chèf yo te ofri ofrann yo devan lotèl la.
ויקריבו הנשאים את חנכת המזבח ביום המשח אתו ויקריבו הנשיאם את קרבנם לפני המזבח
11 SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.”
ויאמר יהוה אל משה נשיא אחד ליום נשיא אחד ליום יקריבו את קרבנם לחנכת המזבח
12 Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a.
ויהי המקריב ביום הראשון--את קרבנו נחשון בן עמינדב למטה יהודה
13 Ofrann pa li a se te yon plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
וקרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
14 yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
15 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
16 yon mal kabrit kòm ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
17 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Nachschon, fis a Amminadab la.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתודים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן נחשון בן עמינדב
18 Nan dezyèm jou a Nethaneel, fis a Tsuar a, chèf a Issacar a, te prezante yon ofrann.
ביום השני הקריב נתנאל בן צוער--נשיא יששכר
19 Li te prezante kòm ofrann li yon kiyè fèt an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de te plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
הקרב את קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
20 yon kiyè soup an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
21 Yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
22 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
23 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן נתנאל בן צוער
24 Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an.
ביום השלישי נשיא לבני זבולן--אליאב בן חלן
25 Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz de trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
26 yon kiyè soup an lò a dis sik plen avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
27 yon jenn towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, pou yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
28 Yon mal belye pou yon ofrann peche,
שעיר עזים אחד לחטאת
29 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Éliab la, fis a Hélon an.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אליאב בן חלן
30 Nan katriyèm jou a, se te Élitsur, fis a Schedéur a, chèf a fis Ruben yo;
ביום הרביעי נשיא לבני ראובן--אליצור בן שדיאור
31 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
32 yon kiyè nan dis sik plen avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
33 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
34 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
35 epi pou ofrann sakrifis lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élitsur a, fis a Schedéur a.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אליצור בן שדיאור
36 Nan senkyèm jou a, se te Schelumiel, fis a Schedéur a, chèf a fis Siméon yo;
ביום החמישי נשיא לבני שמעון--שלמיאל בן צורישדי
37 ofrann pa li a, se te yon plato an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
38 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
39 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
40 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
41 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Schelumiel la, fis a Schedéur a.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן שלמיאל בן צורישדי
42 Nan sizyèm jou a, se te Élisaph, fis a Déuel la, chèf a fis Gad yo;
ביום הששי נשיא לבני גד--אליסף בן דעואל
43 ofrann pa li a se te yon plato an ajan nan pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
44 yon kiyè soup an lò nan dis sik ranpli avèk lansan
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
45 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
46 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
47 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élisaph la, fis a Déuel la.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אליסף בן דעואל
48 Nan setyèm jou a, se te Élischama fis a Ammihud la, chèf a fis Ephraïm yo;
ביום השביעי נשיא לבני אפרים--אלישמע בן עמיהוד
49 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
50 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
51 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
52 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
53 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élischama a, fis a Ammihud la.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אלישמע בן עמיהוד
54 Nan uityèm jou a, se te Gamaliel, fis a Pedahtsur a, chèf a fis Mannasé yo;
ביום השמיני נשיא לבני מנשה--גמליאל בן פדהצור
55 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
56 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
57 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
58 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
59 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann Gamaliel, fis a Pedahtsur a.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן גמליאל בן פדהצור
60 Nan nevyèm jou a, se te Abidan fis a Guideoni a, chèf a fis Benjamin yo;
ביום התשיעי נשיא לבני בנימן--אבידן בן גדעני
61 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
62 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
63 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
64 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
65 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Abidan, fis a Guideoni a.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אבידן בן גדעני
66 Nan dizyèm jou a, se te Ahiézer fis a Ammischaddaï a, chèf a fis Dan yo.
ביום העשירי נשיא לבני דן--אחיעזר בן עמישדי
67 Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
68 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
69 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
70 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
71 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahiézer, fis a Ammischaddaï a.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אחיעזר בן עמישדי
72 Nan onzyèm jou a, se te Paguiel, fis a Ocran an, chèf a fis Acer yo;
ביום עשתי עשר יום נשיא לבני אשר--פגעיאל בן עכרן
73 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
74 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
75 yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
76 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
77 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Paguiel, fis a Ocran an.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן פגעיאל בן עכרן
78 Nan douzyèm jou a, se te Ahira, fis a Énan an, chèf a fis Nephtali yo;
ביום שנים עשר יום נשיא לבני נפתלי--אחירע בן עינן
79 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
קרבנו קערת כסף אחת שלשים ומאה משקלה מזרק אחד כסף שבעים שקל בשקל הקדש שניהם מלאים סלת בלולה בשמן--למנחה
80 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
כף אחת עשרה זהב מלאה קטרת
81 yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
פר אחד בן בקר איל אחד כבש אחד בן שנתו--לעלה
82 Yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
שעיר עזים אחד לחטאת
83 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahira, fis a Énan nan.
ולזבח השלמים בקר שנים אילם חמשה עתדים חמשה כבשים בני שנה חמשה זה קרבן אחירע בן עינן
84 Sa se te ofrann dedikasyon pou lotèl la pa chèf Israël yo nan jou lotèl la te onksyone a: douz plato an ajan, douz bòl an ajan, douz kiyè soup ki fèt an lò,
זאת חנכת המזבח ביום המשח אתו מאת נשיאי ישראל קערת כסף שתים עשרה מזרקי כסף שנים עשר כפות זהב שתים עשרה
85 chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san sik, selon sik sanktyè a;
שלשים ומאה הקערה האחת כסף ושבעים המזרק האחד כל כסף הכלים אלפים וארבע מאות בשקל הקדש
86 douz kiyè soup an lò, plen lansan, ki peze dis sik chak, selon sik a sanktyè a, tout lò a kiyè yo te fè san-ven sik.
כפות זהב שתים עשרה מלאת קטרת עשרה עשרה הכף בשקל הקדש כל זהב הכפות עשרים ומאה
87 Tout bèf pou ofrann brile a, douz towo, belye yo douz, mal mouton nan laj 1 nan avèk ofrann sereyal pa yo, e douz mal kabrit kòm ofrann peche a;
כל הבקר לעלה שנים עשר פרים אילם שנים עשר כבשים בני שנה שנים עשר--ומנחתם ושעירי עזים שנים עשר לחטאת
88 epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a.
וכל בקר זבח השלמים עשרים וארבעה פרים אילם ששים עתדים ששים כבשים בני שנה ששים זאת חנכת המזבח אחרי המשח אתו
89 Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.
ובבא משה אל אהל מועד לדבר אתו וישמע את הקול מדבר אליו מעל הכפרת אשר על ארן העדת מבין שני הכרבים וידבר אליו

< Resansman 7 >