< Resansman 36 >

1 Epi chèf lakay zansèt a fis a Galaad yo, fis a Makir yo, fis a Manassé a, a zansèt a Joseph yo, te vin toupre pou te pale devan Moïse ak devan chèf yo, chèf lakay zansèt a fis Israël yo. 2 Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo. 3 Men si yo marye avèk youn nan fis nan lòt tribi fis Israël yo, eritaj yo va retire nan eritaj zansèt nou yo, e li va vin ajoute a eritaj a tribi sou sila yo vin manm nan. Konsa, l ap retire nan eritaj ki te tonbe nan dwa nou an. 4 Lè jibile a rive, alò, eritaj pa yo a va ajoute a eritaj tribi kote yo manm nan. Konsa, eritaj pa yo a va retire nan eritaj tribi a zansèt nou yo.” 5 Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa. 6 Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo. 7 Konsa, nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo. 8 Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo. 9 Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’” 10 Jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, se konsa fi a Tselophchad yo te fè: 11 Machla, Thirtsa, Hogla, Milca, ak Noa, fi a Tselophchad yo, yo te marye avèk fis a tonton yo. 12 Yo te marye sa yo soti nan fanmi a fis a Manassé yo, fis a Joseph la, e eritaj yo te rete avèk tribi a fanmi zansèt papa yo. 13 Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.

< Resansman 36 >