< Resansman 18 >

1 Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va pote inikite la pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite la kon prèt.
Gospod je rekel Aronu: »Ti, tvoji sinovi in hiša tvojega očeta s teboj bodo nosili krivičnost svetišča. Ti in tvoji sinovi s teboj boste nosili krivičnost svojega duhovništva.
2 Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la.
Tudi svoje brate iz Lévijevega rodu, rodu svojega očeta, privedi s seboj, da bodo lahko pridruženi k tebi in ti služili, toda ti in tvoji sinovi s teboj boste služili pred šotorskim svetiščem pričevanja.
3 Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm.
Pazili bodo na tvojo zadolžitev in zadolžitev vsega šotorskega svetišča. Samo ne bodo se približali posodam svetišča in oltarju, da ne bi niti oni niti tudi vi ne umrli.
4 Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou.
Pridruženi bodo k tebi in pazili bodo na zadolžitev šotorskega svetišča skupnosti, za vso službo šotorskega svetišča. Tujec pa se vam ne bo približal.
5 “Konsa nou va fè tout devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo.
Pazili boste na zadolžitev svetišča in zadolžitev oltarja, da nad Izraelovimi otroki ne bo več besa.
6 Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.
Glejte, jaz sem vzel vaše brate, Lévijevce, izmed Izraelovih otrok. Vam so izročeni kakor darilo za Gospoda, da opravljajo službo šotorskega svetišča skupnosti.
7 Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”
Zato boste ti in tvoji sinovi s teboj, varovali svojo duhovniško službo za vsako oltarno stvar in znotraj zagrinjala; in vi boste služili. Duhovniško službo sem vam dal kakor službo darila. Tujec pa, ki pride blizu, bo usmrčen.«
8 Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.
Gospod je spregovoril Aronu: »Glej, dal sem ti tudi zadolžitev mojih vzdigovalnih daritev izmed vseh posvečenih stvari Izraelovih otrok. Tebi sem jih dal zaradi razloga maziljenja in tvojim sinovom, z odredbo na veke.
9 Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.
To bodo tvoje najsvetejše stvari, ohranjene pred ognjem. Vsak njihov dar, vsaka njihova jedilna daritev in vsaka njihova daritev za greh in vsaka njihova daritev za prestopek, ki mi jih bodo povrnili, bo zate in za tvoje sinove najsvetejša.
10 Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.
Na najsvetejšem kraju boš to jedel. Vsak moški bo to jedel. To ti bo sveto.
11 “Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.
In to je tvoje; vzdigovalna daritev njihovega darila z vsemi majalnimi daritvami Izraelovih otrok. Dal sem jih tebi in tvojim sinovim in tvojim hčeram s teboj, po zakonu na veke; vsak, kdor je v tvoji hiši čist, bo jedel od tega.
12 “Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.
Najboljše od olja in najboljše od vina in od pšenice, njihove prve sadove, ki jih bodo darovali Gospodu, te sem dal tebi.
13 Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.
In karkoli je prvo zrelo v deželi, kar bodo prinesli Gospodu, bo tvoje; vsak, kdor je v tvoji hiši čist, bo jedel od tega.
14 “Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou.
Vsaka posvečena stvar v Izraelu, naj bo tvoja.
15 Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson.
Vsaka stvar, ki odpre maternico v vsem mesu, ki ga prinašajo h Gospodu, naj bo to od ljudi ali živali, bo tvoja. Vendar zagotovo odkupi človeškega prvorojenca in odkupil boš prvence nečistih živali.
16 Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.
Tiste, ki naj bi bili odkupljeni, mesec dni stare, boš odkupil glede na svojo oceno, za denar petih šeklov, po svetiščnem šeklu, kar je dvajset ger.
17 “Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
Toda prvenca krave ali prvenca ovce ali prvenca koze ne boš odkupil; oni so sveti. Njihovo kri boš poškrôpil na oltar in njihovo tolščo boš sežgal za ognjeno daritev, v prijeten vonj Gospodu.
18 Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè.
Njihovo meso bo tvoje, kakor so tvoje majalne prsi in desno pleče.
19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”
Vse vzdigovalne daritve svetih stvari, ki jih Izraelovi otroci darujejo Gospodu, sem dal tebi in tvojim sinovim in tvojim hčeram s teboj, po zakonu na veke. To je solna zaveza na veke pred Gospodom, tebi in tvojemu potomstvu s teboj.«
20 SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.
Gospod je govoril Aronu: »Ne boš imel dediščine v svoji deželi niti ne boš imel nobenega deleža med njimi. Jaz sem tvoj delež in tvoja dediščina med Izraelovimi otroki.
21 “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a.
Glej, Lévijevim otrokom sem dal za dediščino vse desetine v Izraelu, za njihovo službo, ki jo služijo, torej službo šotorskega svetišča skupnosti.
22 Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri.
Niti se Izraelovi otroci odslej ne smejo približati šotorskemu svetišču skupnosti, da ne bi nosili greha in umrli.
23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj.
Temveč bodo Lévijevci opravljali službo šotorskega svetišča skupnosti in nosili bodo njihovo krivičnost. To bo zakon na veke skozi vaše rodove, da med Izraelovimi otroki ne bodo imeli nobene dediščine.
24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”
Toda desetine Izraelovih otrok, ki jih darujejo kakor vzdigovalno daritev Gospodu, sem dal v dediščino Lévijevcem. Zato sem jim rekel: ›Med Izraelovimi otroki ne bodo imeli nobene dediščine.‹«
25 SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
Gospod je spregovoril Mojzesu, rekoč:
26 “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan.
»Tako spregovori Lévijevcem in jim povej: ›Kadar od Izraelovih otrok vzamete desetine, ki sem vam jih od njih dal za vašo dediščino, potem boste od tega darovali vzdigovalno daritev za Gospoda, celó deseti del desetine.
27 Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an.
In ta vaša vzdigovalna daritev se vam bo štela kakor, da bi bilo žito iz mlatišča in kakor polnost vinske stiskalnice.
28 Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la.
Tako boste tudi vi darovali vzdigovalno daritev Gospodu od vseh svojih desetin, ki jih prejmete od Izraelovih otrok in od tega boste dali Gospodovo vzdigovalno daritev duhovniku Aronu.
29 Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’
Izmed vseh vaših darov bo vsak daroval vzdigovalno daritev Gospodu, od vsega najboljšega od tega, celó posvečen del od tega.‹
30 “Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an.
Zato jim boš rekel: ›Ko ste vzdignili najboljše od tega, potem bo to šteto Lévijevcem kakor donos mlatišča in kakor donos vinske stiskalnice.
31 Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a.
To boste jedli na vsakem kraju, vi in vaše družine, kajti to je vaša nagrada za vašo službo v šotorskem svetišču skupnosti.
32 Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”
Zaradi tega ne boste nosili nobenega greha, ko ste vzdignili najboljše od tega. Niti ne boste oskrunili svetih stvari Izraelovih otrok, da ne umrjete.‹«

< Resansman 18 >