< Resansman 17 >

1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
耶和华对摩西说:
2 “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo.
“你晓谕以色列人,从他们手下取杖,每支派一根;从他们所有的首领,按着支派,共取十二根。你要将各人的名字写在各人的杖上,
3 Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo.
并要将亚伦的名字写在利未的杖上,因为各族长必有一根杖。
4 Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
你要把这些杖存在会幕内法柜前,就是我与你们相会之处。
5 “Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
后来我所拣选的那人,他的杖必发芽。这样,我必使以色列人向你们所发的怨言止息,不再达到我耳中。”
6 Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo.
于是摩西晓谕以色列人,他们的首领就把杖交给他,按着支派,每首领一根,共有十二根;亚伦的杖也在其中。
7 Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.
摩西就把杖存在法柜的帐幕内,在耶和华面前。
8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi.
第二天,摩西进法柜的帐幕去。谁知利未族亚伦的杖已经发了芽,生了花苞,开了花,结了熟杏。
9 Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
摩西就把所有的杖从耶和华面前拿出来,给以色列众人看;他们看见了,各首领就把自己的杖拿去。
10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
耶和华吩咐摩西说:“把亚伦的杖还放在法柜前,给这些背叛之子留作记号。这样,你就使他们向我发的怨言止息,免得他们死亡。”
11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
摩西就这样行。耶和华怎样吩咐他,他就怎样行了。
12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri!
以色列人对摩西说:“我们死啦!我们灭亡啦!都灭亡啦!
13 Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”
凡挨近耶和华帐幕的是必死的。我们都要死亡吗?”

< Resansman 17 >