< Neemi 7 >

1 Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi.
Or il arriva, quand la muraille fut bâtie et que j’eus posé les battants [des portes], qu’on établit dans leurs emplois les portiers, et les chantres, et les lévites.
2 Anplis, mwen te mete Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun.
Et je chargeai du gouvernement de Jérusalem Hanani, mon frère, et Hanania, chef du château fort; car c’était un homme fidèle, et il craignait Dieu, plus que beaucoup [d’autres];
3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”
et je leur dis que les portes de Jérusalem ne devaient pas être ouvertes avant que le soleil ne soit chaud, et qu’on devait fermer les battants [des portes] pendant qu’ils étaient là, et mettre les barres, et qu’on devait placer des gardes d’entre les habitants de Jérusalem, chacun à son poste, et chacun devant sa maison.
4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.
Or la ville était spacieuse et grande, mais le peuple peu nombreux au milieu d’elle, et il n’y avait point de maisons bâties.
5 Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:
Et mon Dieu me mit au cœur de rassembler les nobles et les chefs, et le peuple, pour les enregistrer par généalogies. Et je trouvai le registre généalogique de ceux qui étaient montés au commencement, et j’y trouvai écrit:
6 Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li;
Voici ceux de la province qui remontèrent de la captivité de ceux qui avaient été transportés, lesquels Nebucadnetsar, roi de Babylone, avait transportés, et qui retournèrent à Jérusalem et en Juda, chacun à sa ville,
7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. Kantite mesye nan pèp Israël yo:
ceux qui vinrent avec Zorobabel, Jéshua, Néhémie, Azaria, Raamia, Nakhamani, Mardochée, Bilshan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, [et] Baana. Nombre des hommes du peuple d’Israël:
8 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.
Les fils de Parhosh, 2 172;
9 Fis a Schephathia yo, twa-san-senkant-de.
les fils de Shephatia, 372;
10 Fis a Arach yo, sis-san-senkant-de.
les fils d’Arakh, 652;
11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit.
les fils de Pakhath-Moab, des fils de Jéshua et de Joab, 2 818;
12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkant-kat.
les fils d’Élam, 1 254;
13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk.
les fils de Zatthu, 845;
14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant.
les fils de Zaccaï, 760;
15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit.
les fils de Binnuï, 648;
16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit
les fils de Bébaï, 628;
17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de.
les fils d’Azgad, 2 322;
18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt.
les fils d’Adonikam, 667;
19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt.
les fils de Bigvaï, 2 067;
20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk.
les fils d’Adin, 655;
21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit.
les fils d’Ater, [de la famille] d’Ézéchias, 98;
22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit.
les fils de Hashum, 328;
23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit.
les fils de Bétsaï, 324;
24 Fis a Hariph yo, san-douz.
les fils de Hariph, 112;
25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz.
les fils de Gabaon, 95;
26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit.
les hommes de Bethléhem et de Netopha, 188;
27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit.
les hommes d’Anathoth, 128;
28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de.
les hommes de Beth-Azmaveth, 42;
29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.
les hommes de Kiriath-Jéarim, de Kephira et de Beéroth, 743;
30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen.
les hommes de Rama et de Guéba, 621;
31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de.
les hommes de Micmas, 122;
32 Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa.
les hommes de Béthel et d’Aï, 123;
33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de.
les hommes de l’autre Nebo, 52;
34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.
les fils de l’autre Élam, 1 254;
35 Fis a Harim yo, twa-san-ven.
les fils de Harim, 320;
36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.
les fils de Jéricho, 345;
37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen.
les fils de Lod, de Hadid et d’Ono, 721;
38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant.
les fils de Senaa, 3 930.
39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz.
Sacrificateurs: les fils de Jedahia, de la maison de Jéshua, 973;
40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de.
les fils d’Immer, 1 052;
41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt.
les fils de Pashkhur, 1 247;
42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt.
les fils de Harim, 1 017.
43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.
Lévites: les fils de Jéshua [et] de Kadmiel, d’entre les fils d’Hodva, 74.
44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit.
Chantres: les fils d’Asaph, 148.
45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit.
Portiers: les fils de Shallum, les fils d’Ater, les fils de Talmon, les fils d’Akkub, les fils de Hatita, les fils de Shobaï, 138.
46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo.
Nethiniens: les fils de Tsikha, les fils de Hasupha, les fils de Tabbaoth,
47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo.
les fils de Kéros, les fils de Sia, les fils de Padon,
48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo.
les fils de Lebana, les fils de Hagaba, les fils de Sçalmaï,
49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo.
les fils de Hanan, les fils de Guiddel, les fils de Gakhar,
50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo.
les fils de Reaïa, les fils de Retsin, les fils de Nekoda,
51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo.
les fils de Gazzam, les fils d’Uzza, les fils de Paséakh,
52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo.
les fils de Bésaï, les fils de Meünim, les fils de Nephissim,
53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo.
les fils de Bakbuk, les fils de Hakupha, les fils de Harkhur,
54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo,
les fils de Batslith, les fils de Mekhida, les fils de Harsha,
55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo,
les fils de Barkos, les fils de Sisera, les fils de Thamakh,
56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.
les fils de Netsiakh, les fils de Hatipha.
57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo.
Fils des serviteurs de Salomon: les fils de Sotaï, les fils de Sophéreth, les fils de Perida,
58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo.
les fils de Jaala, les fils de Darkon, les fils de Guiddel,
59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo.
les fils de Shephatia, les fils de Hattil, les fils de Pokéreth-Hatsebaïm, les fils d’Amon.
60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.
Tous les Nethiniens et les fils des serviteurs de Salomon, 392.
61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:
Et voici ceux qui montèrent de Thel-Mélakh, de Thel-Harsha, de Kerub-Addon, et d’Immer; mais ils ne purent pas montrer leurs maisons de pères et leur descendance, s’ils étaient d’Israël:
62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de.
les fils de Delaïa, les fils de Tobija, les fils de Nekoda, 642;
63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.
et des sacrificateurs, les fils de Hobaïa, les fils d’Hakkots, les fils de Barzillaï, qui prit une femme d’entre les filles de Barzillaï, le Galaadite, et fut appelé de leur nom.
64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt.
Ceux-ci cherchèrent leur inscription généalogique, mais elle ne se trouva pas; et ils furent exclus, comme profanes, de la sacrificature.
65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk Ourim avèk Thoumim nan.
Et le Thirshatha leur dit qu’ils ne devaient point manger des choses très saintes, jusqu’à ce que soit suscité le sacrificateur avec les urim et les thummim.
66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun,
Toute la congrégation réunie était de 42 360 [personnes],
67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo.
sans compter leurs serviteurs et leurs servantes; ceux-ci [étaient au nombre de] 7 337; et parmi eux, il y avait 245 chanteurs et chanteuses.
68 Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk;
Ils avaient 736 chevaux, 245 mulets,
69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.
435 chameaux, [et] 6720 ânes.
70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo.
Et une partie des chefs des pères firent des dons pour l’œuvre. Le Thirshatha donna au trésor 1000 dariques d’or, 50 bassins, 530 tuniques de sacrificateurs.
71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan.
Et des chefs des pères donnèrent au trésor de l’œuvre 20000 dariques d’or et 2200 mines d’argent.
72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.
Et ce que donna le reste du peuple fut 20000 dariques d’or, et 2000 mines d’argent, et 67 tuniques de sacrificateurs.
73 Alò, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.
Et les sacrificateurs, et les lévites, et les portiers, et les chantres, et ceux du peuple, et les Nethiniens, et tout Israël, habitèrent dans leurs villes. Et quand arriva le septième mois, les fils d’Israël étaient dans leurs villes.

< Neemi 7 >