< Lik 17 >

1 Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive!
Then He said to the disciples: “Things that cause people to fall are bound to come, but woe to him through whom they do come!
2 Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.
It would be better for him if a millstone were hung around his neck and he were thrown into the sea, than that he should cause one of these little ones to fall.
3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l.
Watch out for yourselves: if your brother sins against you, rebuke him; and if he repents, forgive him.
4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
Even if he sins against you seven times in a day, and seven times in that day returns, saying, ‘I repent,’ you must forgive him.”
5 Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”
The apostles said to the Lord, “Increase our faith.”
6 Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.
So the Lord said: “If you had faith like a mustard seed has, you could say to this mulberry tree, ‘Be uprooted, and be planted in the sea,’ and it would obey you.
7 “Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje?
“And which of you, having a slave plowing or tending sheep, will say to him when he comes in from the field, ‘Come at once and recline to eat’?
8 Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’?
Will he not rather say to him, ‘Prepare something for me to eat, and gird yourself and serve me until I eat and drink, and afterward you will eat and drink’?
9 Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vrè?
Does he thank that slave because he did the things commanded? I guess not!
10 “Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”
So likewise you, whenever you have done everything you were told to do, say, ‘We are unworthy slaves, because we have only done what we were supposed to.’”
11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.
Now as He was traveling toward Jerusalem, He went along between Samaria and Galilee.
12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L.
And as He entered a certain village, ten men met Him—being lepers they stood at a distance.
13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”
They called out, saying, “Jesus, Master, have mercy on us!”
14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
And paying attention He said to them, “Go and show yourselves to the priests.” It happened that as they went they were cleansed!
15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò.
Well one of them, when he saw that he was healed, returned, glorifying God with a loud voice;
16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
then he fell on his face at His feet, thanking Him—and he was a Samaritan!
17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye?
So Jesus reacted by saying: “Were not all ten cleansed? So where are the nine?
18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?”
None were found to return and give glory to God except this foreigner!”
19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”
Then He said to him, “Get up and go; your faith has made you well.”
20 Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè;
Now when He was asked by the Pharisees when the Kingdom of God would come, He answered them and said: “The Kingdom of God does not come with observation;
21 ni yo p apdi: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”
nor will they say, ‘Look, here!’ or ‘Look, there!’ because indeed the Kingdom of God is within you.”
22 Ankò Li te di a disip yo: “Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l.
Then He said to the disciples: “Days are coming when you will long to see one of the days of the Son of the Man, and you will not see it.
23 Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.
And they will say to you, ‘Look, here!’ or ‘Look, there!’ Do not go along or follow.
24 “Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a.
Because just like the lightning that lights the whole sky when it flashes, so also will the Son of the Man be in His day.
25 Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.
But first He must suffer many things and be rejected by this generation.
26 “Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo.
Also, just as it was in the days of Noah, so will it also be in the days of the Son of the Man.
27 “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.
They were eating, drinking, marrying and being given in marriage, until the day that Noah entered the ark, and the flood came and destroyed them all.
28 “Se te menm jan ke sa te rive nanjou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
Likewise also as it was in the days of Lot; they were eating, drinking, buying, selling, planting, building—
29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.
but on the day Lot went out from Sodom, fire and brimstone rained down from heaven and destroyed them all.
30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nanap revele a.
Even so will it be in the day when the Son of the Man is revealed.
31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.
“In that day, he who is on the housetop, and his goods in the house, let him not go down to get them; and likewise he who is in the field, let him not turn back.
32 “Sonje madanm a Lot.
Remember Lot's wife!
33 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.
Whoever seeks to save his life will lose it, and whoever ‘wastes’ it will preserve it.
34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete.
I tell you: on that night there will be two men in one bed; one will be taken and the other left.
35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete.
Two women will be grinding together; one will be taken and the other left.”
36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”
37 Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?” E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”
They reacted by saying to Him, “Where, Lord?” He said to them, “Where there is a carcass, there will the vultures also be gathered.”

< Lik 17 >