< Levitik 26 >

1 “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 2 “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a. 3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou. 6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou. 7 Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe. 8 Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe. 9 “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou. 10 Nou va manje nan ansyen depo a, e nou va netwaye ansyen an akoz nèf la. 11 Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou. 12 Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen. 13 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat. 14 “Men si nou pa obeyi Mwen e pa akonpli tout kòmandman sa yo, 15 si, okontrè, nou rejte règleman Mwen yo, si nanm nou rayi òdonans sa yo pou li pa vin akonpli tout kòmandman Mwen yo, e kraze akò Mwen yo, 16 anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li. 17 Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou. 18 “Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo. 19 Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz. 20 Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi. 21 ‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo. 22 “Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone. 23 “Epi si, nan tout bagay sa yo nou pa vire bò kote M, men aji avèk ostilite kont Mwen, 24 alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo. 25 Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo. 26 Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè. 27 “Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen, 28 alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo. 29 Anplis nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje. 30 Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou. 31 Anplis, Mwen va kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo. 32 Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa. 33 Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze. 34 Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo. 35 Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan. 36 “Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe. 37 Se konsa yo va manke tonbe youn sou lòt, kòmsi yo t ap kouri kite nepe, malgre pèsòn pa dèyè yo. Nou p ap gen fòs pou kanpe devan lènmi nou yo. 38 Men nou va peri pami nasyon yo, e peyi lènmi nou yo va manje nou. 39 Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo. 40 “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an— 41 Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a. 42 Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a. 43 Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo. 44 Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a. 45 Men Mwen va sonje yo pou akò avèk zansèt yo a, ke M te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte devan zye a tout nasyon yo, pou Mwen ta kapab vin Bondye pa yo. Mwen se SENYÈ a.” 46 Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a.

< Levitik 26 >