< Levitik 10 >

1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.
And the two sons of Aaron, Nadab and Abihu, each took his censer and put fire in it, and laid incense on it, and offered strange fire before the LORD, which he had not commanded them.
2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
And fire came forth from before the LORD, and devoured them, and they died before the LORD.
3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.
Then Moses said to Aaron, "This is what the LORD spoke of, saying, 'I will show myself holy to those who come near me, and before all the people I will be glorified.'" Aaron held his peace.
4 Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.”
Moses called Mishael and Elzaphan, the sons of Uzziel the uncle of Aaron, and said to them, "Draw near, carry your brothers from before the sanctuary out of the camp."
5 Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an.
So they drew near, and carried them in their coats out of the camp, as Moses had said.
6 Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen a.
Moses said to Aaron, and to Eleazar and to Ithamar, his sons, "Do not let the hair of your heads go loose, neither tear your clothes; that you do not die, and that he not be angry with all the congregation: but let your brothers, the whole house of Israel, bewail the burning which the LORD has kindled.
7 Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”
You shall not go out from the door of the Tent of Meeting, lest you die; for the anointing oil of the LORD is on you." They did according to the word of Moses.
8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di:
The LORD spoke to Aaron, saying,
9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
"Drink no wine nor strong drink, you, nor your sons with you, when you go into the Tent of Meeting, that you do not die: it shall be a statute forever throughout your generations:
10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
and that you are to make a distinction between the holy and the common, and between the unclean and the clean;
11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
and that you are to teach the children of Israel all the statutes which the LORD has spoken to them by Moses."
12 Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.
Moses spoke to Aaron, and to Eleazar and to Ithamar, his sons who were left, "Take the meal offering that remains of the offerings of the LORD made by fire, and eat it without yeast beside the altar; for it is most holy;
13 Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.
and you shall eat it in a holy place, because it is your portion, and your sons' portion, of the offerings of the LORD made by fire: for so I am commanded.
14 Sepandan, pwatrin ofrann balanse an lè la ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo.
The waved breast and the heaved thigh you shall eat in a clean place, you, and your sons, and your daughters with you: for they are given as your portion, and your sons' portion, out of the sacrifices of the peace offerings of the children of Israel.
15 Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse an lè la, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse an lè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”
The heaved thigh and the waved breast they shall bring with the offerings made by fire of the fat, to wave it for a wave offering before the LORD: and it shall be yours, and your sons' with you, as a portion forever; as the LORD has commanded."
16 Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di:
Moses diligently inquired about the goat of the sin offering, and, look, it was burned: and he was angry with Eleazar and with Ithamar, the sons of Aaron who were left, saying,
17 “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.
"Why haven't you eaten the sin offering in the place of the sanctuary, seeing it is most holy, and he has given it you to bear the iniquity of the congregation, to make atonement for them before the LORD?
18 Gade byen, san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”
Look, its blood was not brought into the inner part of the sanctuary: you certainly should have eaten it in the sanctuary, as I commanded."
19 Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?”
Aaron spoke to Moses, "Look, this day they have offered their sin offering and their burnt offering before the LORD; and such things as these have happened to me: and if I had eaten the sin offering today, would it have been pleasing in the sight of the LORD?"
20 Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.
When Moses heard that, it was pleasing in his sight.

< Levitik 10 >