< Jij 20 >

1 Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.
于是以色列从但到别是巴,以及住基列地的众人都出来,如同一人,聚集在米斯巴耶和华面前。
2 Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe.
以色列民的首领,就是各支派的军长,都站在 神百姓的会中;拿刀的步兵共有四十万。
3 (Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?”
以色列人上到米斯巴,便雅悯人都听见了。以色列人说:“请你将这件恶事的情由对我们说明。”
4 Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin.
那利未人,就是被害之妇人的丈夫,回答说:“我和我的妾到了便雅悯的基比亚住宿。
5 Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri.
基比亚人夜间起来,围了我住的房子,想要杀我,又将我的妾强奸致死。
6 Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël.
我就把我妾的尸身切成块子,使人拿着传送以色列得为业的全地,因为基比亚人在以色列中行了凶淫丑恶的事。
7 Gade byen, tout fis Israël yo, bay lide avèk konsèy nou isit la.”
你们以色列人都当筹划商议。”
8 Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou.
众民都起来如同一人,说:“我们连一人都不回自己帐棚、自己房屋去。
9 Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò.
我们向基比亚人必这样行,照所掣的签去攻击他们。
10 Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.”
我们要在以色列各支派中,一百人挑取十人,一千人挑取百人,一万人挑取千人,为民运粮,等大众到了便雅悯的基比亚,就照基比亚人在以色列中所行的丑事征伐他们。”
11 Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun.
于是以色列众人彼此连合如同一人,聚集攻击那城。
12 Alò, tribi Israël yo te voye mesye yo pami tout tribi Benjamin an, e yo te di: “Ki kalite mechanste sa ki te fèt pami nou an?
以色列众支派打发人去,问便雅悯支派的各家说:“你们中间怎么做了这样的恶事呢?
13 Pou sa, livre bannou mesye sa yo, sanzave Guibea yo, pou nou kab mete yo a lanmò e retire mechanste sa an Israël.” Men fis Benjamin yo te refize koute vwa a frè yo, fis an Israël yo.
现在你们要将基比亚的那些匪徒交出来,我们好治死他们,从以色列中除掉这恶。”便雅悯人却不肯听从他们弟兄以色列人的话。
14 Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo.
便雅悯人从他们的各城里出来,聚集到了基比亚,要与以色列人打仗。
15 Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè.
那时便雅悯人从各城里点出拿刀的,共有二万六千;另外还有基比亚人点出七百精兵。
16 Pami tout moun sa yo, sèt-san òm ekstrawòdinè yo se te moun goche. Yo chak ta kapab tire yon wòch avèk fistibal sou yon grenn cheve e yo pa janm pa pran l.
在众军之中有拣选的七百精兵,都是左手便利的,能用机弦甩石打人,毫发不差。
17 Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè.
便雅悯人之外,点出以色列人拿刀的,共有四十万,都是战士。
18 Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
以色列人就起来,到伯特利去求问 神说:“我们中间谁当首先上去与便雅悯人争战呢?”耶和华说:“犹大当先上去。”
19 Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea.
以色列人早晨起来,对着基比亚安营。
20 Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea.
以色列人出来,要与便雅悯人打仗,就在基比亚前摆阵。
21 Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo.
便雅悯人就从基比亚出来,当日杀死以色列人二万二千。
22 Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a.
以色列人彼此奋勇,仍在头一日摆阵的地方又摆阵。
23 Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”
未摆阵之先,以色列人上去,在耶和华面前哭号,直到晚上,求问耶和华说:“我们再去与我们弟兄便雅悯人打仗可以不可以?”耶和华说:“可以上去攻击他们。”
24 Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a.
第二日,以色列人就上前攻击便雅悯人。
25 Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.
便雅悯人也在这日从基比亚出来,与以色列人接战,又杀死他们一万八千,都是拿刀的。
26 Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.
以色列众人就上到伯特利,坐在耶和华面前哭号,当日禁食直到晚上;又在耶和华面前献燔祭和平安祭。
27 Fis Israël yo te mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo,
那时, 神的约柜在那里;亚伦的孙子、以利亚撒的儿子非尼哈侍立在约柜前。以色列人问耶和华说:“我们当再出去与我们弟兄便雅悯人打仗呢?还是罢兵呢?”耶和华说:“你们当上去,因为明日我必将他们交在你们手中。”
28 epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”
29 Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad.
以色列人在基比亚的四围设下伏兵。
30 Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo.
第三日,以色列人又上去攻击便雅悯人,在基比亚前摆阵,与前两次一样。
31 Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit.
便雅悯人也出来迎敌,就被引诱离城;在田间两条路上,一通伯特利,一通基比亚,像前两次,动手杀死以色列人约有三十个。
32 Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.”
便雅悯人说:“他们仍旧败在我们面前。”但以色列人说:“我们不如逃跑,引诱他们离开城到路上来。”
33 Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm.
以色列众人都起来,在巴力·他玛摆阵,以色列的伏兵从马利·迦巴埋伏的地方冲上前去。
34 Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo.
有以色列人中的一万精兵,来到基比亚前接战,势派甚是凶猛;便雅悯人却不知道灾祸临近了。
35 Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo
耶和华使以色列人杀败便雅悯人。那日,以色列人杀死便雅悯人二万五千一百,都是拿刀的。
36 Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske lè mesye Israël yo te bay teren an a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea.
于是便雅悯人知道自己败了。先是以色列人;因为靠着在基比亚前所设的伏兵,就在便雅悯人面前诈败。
37 Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe.
伏兵急忙闯进基比亚,用刀杀死全城的人。
38 Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la.
以色列人预先同伏兵约定在城内放火,以烟气上腾为号。
39 Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.”
以色列人临退阵的时候,便雅悯人动手杀死以色列人,约有三十个,就说:“他们仍像前次被我们杀败了。”
40 Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la.
当烟气如柱从城中上腾的时候,便雅悯人回头观看,见全城的烟气冲天。
41 Alò, moun Israël yo te vire e mesye Benjamin yo te vin sezi avèk laperèz; paske yo te wè ke yon gwo dega te sou yo.
以色列人又转身回来,便雅悯人就甚惊惶,因为看见灾祸临到自己了。
42 Pou sa, yo te vire do devan Israël vè dezè a, men batay la te vin jwenn yo pandan sila ki te sòti nan vil yo te detwi yo nan mitan li.
他们在以色列人面前转身往旷野逃跑;以色列人在后面追杀。那从各城里出来的,也都夹攻杀灭他们。
43 Yo te vin antoure mesye Benjamin yo; yo te pouswiv yo san repo e yo te foule yo anba pye anfas Guibea vè lès la.
以色列人围绕便雅悯人,追赶他们,在他们歇脚之处、对着日出之地的基比亚践踏他们。
44 Konsa, diz-uit-mil òm a Benjamin te tonbe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
便雅悯人死了的有一万八千,都是勇士。
45 Rès yo te sove ale vè dezè a nan wòch Rimmon. Men yo te kenbe senk-mil nan yo sou chemen e te vin rive sou yo nan Guideom. Yo te touye de-mil nan yo.
其余的人转身向旷野逃跑,往临门磐去。以色列人在道路上杀了他们五千人,如拾取遗穗一样,追到基顿又杀了他们二千人。
46 Konsa, tout Benjamit ki te tonbe nan jou sa yo se te venn-senk-mil òm ki te rale nepe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
那日便雅悯死了的共有二万五千人,都是拿刀的勇士。
47 Men sis-san òm te vire kouri vè dezè a nan wòch Rimmon e yo te rete nan wòch Rimmon pandan kat mwa.
只剩下六百人,转身向旷野逃跑,到了临门磐,就在那里住了四个月。
48 Mesye Israël yo, alò, te vire retounen kont fis a Benjamin yo pou te frape yo avèk lam nepe, tout vil la avèk bèt yo ak tout sa ke yo te twouve. Anplis, yo te mete dife nan tout vil ke yo te twouve yo.
以色列人又转到便雅悯地,将各城的人和牲畜,并一切所遇见的,都用刀杀尽,又放火烧了一切城邑。

< Jij 20 >