< Jan 3 >

1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo.
Now there was among the Pharisees a man named Nicodemus, who was one of the rulers of the Jews.
2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
He came to Jesus by night and said to him, Rabbi, we are certain that you have come from God as a teacher, because no man would be able to do these signs which you do if God was not with him.
3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
Jesus said to him, Truly, I say to you, Without a new birth no man is able to see the kingdom of God.
4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
Nicodemus said to him, How is it possible for a man to be given birth when he is old? Is he able to go into his mother's body a second time and come to birth again?
5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
Jesus said in answer, Truly, I say to you, If a man's birth is not from water and from the Spirit, it is not possible for him to go into the kingdom of God.
6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.
That which has birth from the flesh is flesh, and that which has birth from the Spirit is spirit.
7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’
Do not be surprised that I say to you, It is necessary for you to have a second birth.
8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
The wind goes where its pleasure takes it, and the sound of it comes to your ears, but you are unable to say where it comes from and where it goes: so it is with everyone whose birth is from the Spirit.
9 Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
And Nicodemus said to him, How is it possible for these things to be?
10 Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo?
And Jesus, answering, said, Are you the teacher of Israel and have no knowledge of these things?
11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
Truly, I say to you, We say that of which we have knowledge; we give witness of what we have seen; and you do not take our witness to be true.
12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
If you have no belief when my words are about the things of earth, how will you have belief if my words are about the things of heaven?
13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
And no one has ever gone up to heaven but he who came down from heaven, the Son of man.
14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,
As the snake was lifted up by Moses in the waste land, even so it is necessary for the Son of man to be lifted up:
15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl. (aiōnios g166)
So that whoever has faith may have in him eternal life. (aiōnios g166)
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. (aiōnios g166)
For God had such love for the world that he gave his only Son, so that whoever has faith in him may not come to destruction but have eternal life. (aiōnios g166)
17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
God did not send his Son into the world to be judge of the world; he sent him so that the world might have salvation through him.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
The man who has faith in him does not come up to be judged; but he who has no faith in him has been judged even now, because he has no faith in the name of the only Son of God.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
And this is the test by which men are judged: the light has come into the world and men have more love for the dark than for the light, because their acts are evil.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
The light is hated by everyone whose acts are evil and he does not come to the light for fear that his acts will be seen.
21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
But he whose life is true comes to the light, so that it may be clearly seen that his acts have been done by the help of God.
22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.
After these things Jesus and his disciples went into the land of Judaea, and there he was with them for some time, giving baptism.
23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.
Now John was then giving baptism at Aenon near Salim, because there was much water there; and people came and were given baptism.
24 Paske Jean potko jete nan prizon.
For at this time John had not been put into prison.
25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon.
Then a question came up between John's disciples and a Jew about washing.
26 Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
And they went to John and said to him, Rabbi, the man who was with you on the other side of the Jordan, the man to whom you gave witness, is now giving baptism, and everyone is going to him.
27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la.
And this was John's answer: A man is unable to have anything if it is not given to him from heaven.
28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
You yourselves give witness that I said, I am not the Christ. What I said was, I am sent before the Christ.
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.
He who has the bride is the husband: but the husband's friend, whose place is by his side and whose ears are open to him, is full of joy because of the husband's voice: such is my joy, and it is complete.
30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
He has to become greater while I become less.
31 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
He who comes from heaven is greater than all others: he who comes from earth is of the earth, and of the earth are his words: he who comes from heaven is over all.
32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.
He gives witness of what he has seen and of what has come to his ears; and no man takes his witness as true.
33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè.
He who so takes his witness has made clear his faith that God is true.
34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.
For he whom God has sent says God's words; and God does not give him the Spirit by measure.
35 Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
The Father has love for the Son and has put all things into his hands.
36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li. (aiōnios g166)
He who has faith in the Son has eternal life; but he who has not faith in the Son will not see life; God's wrath is resting on him. (aiōnios g166)

< Jan 3 >