< Jan 13 >

1 Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen. 2 Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li. 3 Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la. 6 E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?” 7 Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.” 8 Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.” (aiōn g165) 9 Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.” 10 Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.” 11 Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.” 12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou. 16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo. 18 “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’ 19 “Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li. 20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.” 21 Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.” 22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a. 23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la. 24 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” 25 Sila ki t ap apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: “Senyè, kilès li ye?” 26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot. 27 Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.” 28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. 29 Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo. 30 Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit. 31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.” 33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt.” 36 Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: “Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.” 37 Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.” 38 Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”

< Jan 13 >