< Jowèl 1 >

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote Joël, fis a Pethuel la.
耶和華的話臨到毗土珥的兒子約珥。
2 Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
老年人哪,當聽我的話; 國中的居民哪,都要側耳而聽。 在你們的日子, 或你們列祖的日子, 曾有這樣的事嗎?
3 Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.
你們要將這事傳與子, 子傳與孫, 孫傳與後代。
4 Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.
剪蟲剩下的,蝗蟲來吃; 蝗蟲剩下的,蝻子來吃; 蝻子剩下的,螞蚱來吃。
5 Moun sou yo, leve pou nou ka kriye! Rele fò, nou tout k ap bwè diven an, akoz diven dous lan, paske li deja retire pou l kite bouch nou.
酒醉的人哪,要清醒哭泣; 好酒的人哪,都要為甜酒哀號, 因為從你們的口中斷絕了。
6 Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an, ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl. Dan l se dan a yon lyon; gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
有一隊蝗蟲又強盛又無數, 侵犯我的地; 牠的牙齒如獅子的牙齒, 大牙如母獅的大牙。
7 Li te fè chan rezen mwen an vin yon kote gate. Li te rache pye fig mwen an. Li fin rache li nèt nèt, e jete li. Branch yo te vin blanch.
牠毀壞我的葡萄樹, 剝了我無花果樹的皮, 剝盡而丟棄,使枝條露白。
8 Rele fò tankou yon vyèj ki abiye ak twal sak pou fiyanse jenès li ki mouri.
我的民哪,你當哀號,像處女腰束麻布, 為幼年的丈夫哀號。
9 Ofrann sereyal ak ofrann bwason an vin kou pe soti lakay SENYÈ a. Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.
素祭和奠祭從耶和華的殿中斷絕; 事奉耶和華的祭司都悲哀。
10 Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.
田荒涼,地悲哀; 因為五穀毀壞, 新酒乾竭,油也缺乏。
11 Se pou nou pa konprann anyèn, O kiltivatè yo! Rele anmwey, O nou menm k ap okipe pye rezen yo! Ble ak lòj la te peri nèt; rekòlt chan an fin detwi.
農夫啊,你們要慚愧; 修理葡萄園的啊,你們要哀號; 因為大麥小麥與田間的莊稼都滅絕了。
12 Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
葡萄樹枯乾; 無花果樹衰殘。 石榴樹、棕樹、蘋果樹, 連田野一切的樹木也都枯乾; 眾人的喜樂盡都消滅。
13 Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.
祭司啊,你們當腰束麻布痛哭; 伺候祭壇的啊,你們要哀號; 事奉我上帝的啊,你們要來披上麻布過夜, 因為素祭和奠祭從你們上帝的殿中斷絕了。
14 Vin konsakre jèn nan! Pwoklame asanble solanèl lan! Rasanble tout ansyen yo ak tout moun ki rete nan peyi a, pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou kriye fò anvè SENYÈ a.
你們要分定禁食的日子, 宣告嚴肅會, 招聚長老和國中的一切居民 到耶和華-你們上帝的殿, 向耶和華哀求。
15 Elas pou jou a! Paske jou SENYÈ a vin pwòch. Li va vini tankou destriksyon ki soti nan Toupwisan an.
哀哉!耶和華的日子臨近了。 這日來到,好像毀滅從全能者來到。
16 Èske manje a pa t retire soti devan zye nou? Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?
糧食不是在我們眼前斷絕了嗎? 歡喜快樂不是從我們上帝的殿中止息了嗎?
17 Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. Depo yo vin abandone. Kay depo yo fin demoli nèt, paske sereyal la vin sispann nèt.
穀種在土塊下朽爛; 倉也荒涼,廩也破壞; 因為五穀枯乾了。
18 Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj! Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, paske pa gen patiraj pou yo. Menm bann mouton yo ap soufri.
牲畜哀鳴; 牛群混亂,因為無草; 羊群也受了困苦。
19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye; paske dife fin devore patiraj nan savann yo, e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
耶和華啊,我向你求告, 因為火燒滅曠野的草場; 火焰燒盡田野的樹木。
20 Menm bèt chan yo rele vè Ou menm; paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore tout patiraj nan savann yo.
田野的走獸向你發喘; 因為溪水乾涸, 火也燒滅曠野的草場。

< Jowèl 1 >