< Jòb 37 >

1 “Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li. 2 Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li. 3 Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a. 4 Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L. 5 Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann. 6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’. 7 Li sele men a chak òm, pou tout moun kab konnen zèv Li yo. 8 Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo e rete lakay yo. 9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a. 10 Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi. 11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li. 12 Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a. 13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive. 14 “Tande sa byen, O Job; Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo. 15 Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo, e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen? 16 Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo, mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans? 17 Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la? 18 Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife? 19 Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li; paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou. 20 Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale? Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt? 21 “Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo. 22 Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan. 23 Toupwisan an, —nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime. 24 Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”

< Jòb 37 >