< Jòb 30 >

1 Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m. Papa a sila mwen pat ta dakò pou mete ansanm ak chen bann mouton yo.
但如今,比我年少的人戲笑我; 其人之父我曾藐視, 不肯安在看守我羊群的狗中。
2 Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m? Gwo fòs te deja disparèt nan yo
他們壯年的氣力既已衰敗, 其手之力與我何益呢?
3 akoz mank bagay ak grangou. Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
他們因窮乏飢餓,身體枯瘦, 在荒廢淒涼的幽暗中齦乾燥之地,
4 Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la. Manje yo se rasin bayawonn.
在草叢之中採鹹草, 羅騰的根為他們的食物。
5 Yo chase yo deyò lavil la nan dezè; yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
他們從人中被趕出; 人追喊他們如賊一般,
6 jiskaske yo vin rete nan move ravin yo, nan twou tè ak nan wòch yo.
以致他們住在荒谷之間, 在地洞和巖穴中;
7 Pami rak tibwa yo, yo rele fò. Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
在草叢中叫喚, 在荊棘下聚集。
8 Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
這都是愚頑下賤人的兒女; 他們被鞭打,趕出境外。
9 Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib; mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
現在這些人以我為歌曲, 以我為笑談。
10 Yo pè m, yo kanpe lwen m, e yo pa sispann krache nan figi m.
他們厭惡我,躲在旁邊站着, 不住地吐唾沫在我臉上。
11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
鬆開他們的繩索苦待我, 在我面前脫去轡頭。
12 Sou men dwat lan, nich sa vin leve. Yo rale pye mwen akote. Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
這等下流人在我右邊起來, 推開我的腳,築成戰路來攻擊我。
13 Yo gate wout mwen. Yo bourade lachit mwen san mande sekou.
這些無人幫助的, 毀壞我的道,加增我的災。
14 Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.
他們來如同闖進大破口, 在毀壞之間滾在我身上。
15 Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
驚恐臨到我, 驅逐我的尊榮如風; 我的福祿如雲過去。
16 Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.
現在我心極其悲傷; 困苦的日子將我抓住。
17 Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m, e sa yo kap manje m pa pran repo.
夜間,我裏面的骨頭刺我, 疼痛不止,好像齦我。
18 Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen. Li mare m nèt tankou kolye manto m.
因上帝的大力,我的外衣污穢不堪, 又如裏衣的領子將我纏住。
19 Li te jete mwen nan labou, e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
上帝把我扔在淤泥中, 我就像塵土和爐灰一般。
20 Mwen kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
主啊,我呼求你,你不應允我; 我站起來,你就定睛看我。
21 Ou vin okipe m ak mechanste. Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
你向我變心,待我殘忍, 又用大能追逼我,
22 Ou leve m wo sou van, e fè m monte; epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
把我提在風中,使我駕風而行, 又使我消滅在烈風中。
23 Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
我知道要使我臨到死地, 到那為眾生所定的陰宅。
24 Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
然而,人仆倒豈不伸手? 遇災難豈不求救呢?
25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub? Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
人遭難,我豈不為他哭泣呢? 人窮乏,我豈不為他憂愁呢?
26 Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
我仰望得好處,災禍就到了; 我等待光明,黑暗便來了。
27 Kè m twouble nèt anndan m. Mwen pa kab poze. Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
我心裏煩擾不安, 困苦的日子臨到我身。
28 Mwen fè dèy toupatou san solèy. Mwen kanpe nan asanble; mwen rele sekou.
我沒有日光就哀哭行去; 我在會中站着求救。
29 Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.
我與野狗為弟兄, 與鴕鳥為同伴。
30 Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
我的皮膚黑而脫落; 我的骨頭因熱燒焦。
31 Pou sa, se doulè ap mwen jwe, e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.
所以,我的琴音變為悲音; 我的簫聲變為哭聲。

< Jòb 30 >