< Jòb 3 >

1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2 Job te di: 3 “Kite jou ke m te dwe fèt la peri, ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’ 4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. Pa kite Bondye anwo a pran swen li, ni limyè vin klere sou li. 5 Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li. 6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo. 7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. Pa kite okenn kri lajwa antre ladann. 8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l. 9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt, 10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, ni kache twoub devan zye m. 11 “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm? 12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran? 13 Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo, 14 ansanm ak wa ak konseye latè ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo; 15 oswa avèk prens ki te gen lò yo, ki t ap plen lakay yo ak ajan; 16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè. 17 La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo. 18 Prizonye yo alèz ansanm. Yo p ap tande vwa a sipèvizè a. 19 Ni piti, ni gran yo la. E esklav la lib de mèt li. 20 “Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a, 21 ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache, 22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a? 23 Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a? 24 Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo. 25 Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen. 26 Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. Mwen pa jwenn repo, ni m pa kal, men se boulvèsman ki vin parèt.”

< Jòb 3 >