< Jòb 29 >

1 Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
Jòb tanmen pale ankò, li di:
2 “O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo! Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
-Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?
3 Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen, e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.
4 Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo, lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen.
5 lè Toupwisan an te toujou avè m, e pitit mwen yo te antoure mwen;
Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo.
6 lè pa mwen yo te benyen nan bè e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.
7 Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.
Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
8 Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo, e granmoun yo te konn leve kanpe.
wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
9 Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.
Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.
10 Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.
11 Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni, e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.
12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou, avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.
14 Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m; jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.
15 Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo, e pye pou sila bwate yo.
Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
16 Mwen te yon papa pou malere a, e ka ke m pa konnen an, mwen te chache twouve bout li.
Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
17 Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.
Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.
18 Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen, e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
19 Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.
20 Fòs mwen toujou nèf, e banza m renouvle nan men m.’
Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.
21 “Moun yo te koute e te tann. Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.
22 Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò, e pawòl mwen yo te etonnen yo.
Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.
23 Yo te tann mwen tankou lapli. Yo te ouvri bouch yo pou bwe, konsi se pou lapli nan sezon prentan.
Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.
24 Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè, e limyè a figi m pa t janm vin ba.
Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.
25 Mwen te chwazi yon chemen pou yo, te chita tankou chèf, e te demere tankou wa pami sòlda yo, tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

< Jòb 29 >