< Jòb 21 >

1 “Konsa, Job te reponn:
ヨブこたへて曰く
2 Koute pawòl mwen byen pre; kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
請ふ汝等わが言を謹んで聽き 之をもて汝らの慰藉に代よ
3 Pran pasyans pou m kab pale, epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
先われに容して言しめよ 我が言る後なんぢ嘲るも可し
4 Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
わが怨言は世の人の上につきて起れる者ならんや 我なんぞ氣をいらだつ可らざらんや
5 Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!
なんぢら我を視て驚き 手を口にあてよ
6 Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.
われ思ひまはせば畏しくなりて身體しきりに戰慄く
7 “Poukisa mechan yo viv toujou, vin vye e vin pwisan nèt?
惡き人何とて生ながらへ 老かつ勢力強くなるや
8 Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo, ak pitit pa yo devan zye yo.
その子等はその周圍にありてその前に堅く立ち その子孫もその目の前に堅く立べし
9 Lakay yo pwoteje kont laperèz, e baton Bondye pa janm rive sou yo.
またその家は平安にして畏懼なく 神の杖その上に臨まじ
10 Towo yo toujou kouple san manke. Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
その牡牛は種を與へて過らず その牝牛は子を産てそこなふ事なし
11 Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann. Yo flannen e danse toupatou.
彼等はその少き者等を外に出すこと群のごとし その子等は舞をどる
12 Yo chante ak tanbouren avèk ap, e rejwi ak son flit la.
彼等は鼓と琴とをもて歌ひ 笛の音に由て樂み
13 Yo pase jou yo nan byen reyisi. Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo. (Sheol h7585)
その日を幸福に暮し まばたくまに陰府にくだる (Sheol h7585)
14 Yo di Bondye: ‘Kite nou!’ Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
然はあれども彼等は神に言らく我らを離れ賜へ 我らは汝の道をしることを好まず
15 ‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
全能者は何者なれば我らこれに事ふべき 我儕これに祈るとも何の益を得んやと
16 Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo; konsèy a mechan yo lwen mwen.
視よ彼らの福祿は彼らの力に由にあらざるなり 惡人の希圖は我に與する所にあらず
17 “Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn? Èske malè konn vin tonbe sou yo? Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
惡人のその燈火を滅るる事幾度ありしか その滅亡のこれに臨む事 神の怒りて之に艱苦を蒙らせたまふ事幾度有しか
18 Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?
かれら風の前に藁の如く 暴風に吹さらるる籾殼の如くなること幾度有しか
19 Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’ Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
神かれの愆を積たくはへてその子孫に報いたまふか 之を彼自己の身に報い知しむるに如ず
20 Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.
かれをして自らその滅亡を目に視させ かつ全能者の震怒を飮しめよ
21 Paske ki konsiderasyon ki genyen pou lakay sila ki swiv li a, lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
その月の數すでに盡るに於ては何ぞその後の家に關はる所あらん
22 “Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
神は天にある者等をさへ審判きたまふなれば誰か能これに知識を教へんや
23 Yon moun mouri ak tout fòs li, byen alèz e kal;
或人は繁榮を極め全く平穩にかつ安康にして死に
24 Tout bokal li yo plen lèt e tout mwèl zo l li byen mou,
その器に乳充ち その骨の髓は潤ほへり
25 Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè, e pa janm goute nan sa ki bon.
また或人は心を苦しめて死し 終に福祉をあぢはふる事なし
26 Ansanm yo kouche nan pousyè a e vè vin kouvri yo.
是等は倶に齊しく塵に臥して蛆におほはる
27 “Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
我まことに汝らの思念を知り 汝らが我を攻撃んとするの計略を知る
28 Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’
なんぢらは言ふ王侯の家は何に在る 惡人の住所は何にあると
29 Èske nou pa janm mande vwayajè yo? Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
汝らは路往く人々に詢ざりしや 彼等の證據を曉らざるや
30 Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a; Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
すなはち滅亡の日に惡人遺され 烈しき怒の日に惡人たづさへ出さる
31 Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo? E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
誰か能かれに打向ひて彼の行爲を指示さんや 誰か能彼の爲たる所を彼に報ゆることを爲ん
32 Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
彼は舁れて墓に到り 塚の上にて守護ることを爲す
33 Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè; anplis, tout moun va swiv dèyè li, menm ak gran fòs san kontwòl yo, yo te ale devan l.
谷の土塊も彼には快し 一切の人その後に從ふ 其前に行る者も數へがたし
34 Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfò nan konsolasyon an ven nou yo? Paske repons nou yo fèt ak manti.”
既に是の如くなるに汝等なんぞ徒に我を慰さめんとするや 汝らの答ふる所はただ虚僞のみ

< Jòb 21 >