< Jòb 20 >

1 Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn: 2 “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, menm akoz tout anndan m tèlman ajite. 3 Mwen tande repwòch ki fè m wont. Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn. 4 Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè, 5 Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman? 6 Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo, 7 l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’ 8 Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li. Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale. 9 Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò. 10 Fis li yo fè byen pou malere yo, e men yo remèt byen li yo. 11 Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a. 12 “Sepandan, mechanste dous nan bouch li e li kache li anba lang li, 13 Li pito mal la, e refize lage l, men kenbe li nan bouch li, 14 men manje nan vant li vire. Li tounen pwazon vipè anndan l. 15 Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li. 16 Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li. 17 Li pa gade dlo yo ankò, ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo. 18 Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo. 19 Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati. 20 “Akoz li pa t kab kalme kè l, li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen. 21 Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire. 22 Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li. 23 Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje. 24 Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a, men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l. 25 L ap rale sòti parèt dèyè do li, menm pwent glise a soti nan fyèl li. Gwo laperèz va parèt sou li. 26 Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an. 27 Syèl yo va revele inikite li e tè a va leve kont li. 28 Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a. 29 Sa se pòsyon a moun mechan k ap sòti nan men Bondye, sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”

< Jòb 20 >