< Jòb 19 >

1 Epi Job te reponn:
And Job answered and said,
2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?
How long will ye vex my soul, and crush me with words?
3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.
These ten times have ye reproached me; ye are not ashamed to stupefy me.
4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
And be it [that] I have erred, mine error remaineth with myself.
5 Si anverite nou vin ògeye kont mwen, e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
If indeed ye will magnify yourselves against me, and prove against me my reproach,
6 alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.
Know now that God hath overthrown me, and hath surrounded me with his net.
7 “Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
Behold, I cry out of wrong, and I am not heard; I cry aloud, but there is no judgment.
8 Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase, e Li te mete fènwa sou pa m yo.
He hath hedged up my way that I cannot pass, and he hath set darkness in my paths.
9 Li te retire lonè sou mwen e te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
He hath stripped me of my glory, and taken the crown from my head.
10 Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt; Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
He breaketh me down on every side, and I am gone; and my hope hath he torn up as a tree.
11 Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen e te konsidere m kon lènmi Li.
And he hath kindled his anger against me, and hath counted me unto him as one of his enemies.
12 Lame Li a vin rasanble pou bati chemen pa yo kont mwen. Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
His troops have come together and cast up their way against me, and have encamped round about my tent.
13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
He hath put my brethren far from me, and mine acquaintance are quite estranged from me.
14 Fanmi mwen yo vin fè fayit e pi pwòch zami m yo te bliye m.
My kinsfolk have failed, and my known friends have forgotten me.
15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo konsidere m kon yon etranje. Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
The sojourners in my house and my maids count me as a stranger; I am an alien in their sight.
16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn; mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
I called my servant, and he answered not; I entreated him with my mouth.
17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen, e mwen vin abominab a pwòp frè m.
My breath is strange to my wife, and my entreaties to the children of my [mother's] womb.
18 Timoun yo meprize mwen. Mwen leve e yo pale kont mwen.
Even young children despise me; I rise up, and they speak against me.
19 Tout asosye m yo etone ak krent devan m. Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
All my intimate friends abhor me, and they whom I loved are turned against me.
20 Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
My bones cleave to my skin and to my flesh, and I am escaped with the skin of my teeth.
21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.
Have pity upon me, have pity upon me, ye my friends; for the hand of God hath touched me.
22 Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye e pa satisfè ak chè mwen.
Why do ye persecute me as God, and are not satisfied with my flesh?
23 O ke pawòl mwen yo te ekri! O ke yo te enskri nan yon liv!
Oh would that my words were written! oh that they were inscribed in a book!
24 Ke avèk pwent plim ak plon, yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
That with an iron style and lead they were graven in the rock for ever!
25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan. Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
And [as for] me, I know that my Redeemer liveth, and the Last, he shall stand upon the earth;
26 Menm lè po m fin detwi, malgre chè m fin sòti, mwen va wè Bondye nan chè a;
And [if] after my skin this shall be destroyed, yet from out of my flesh shall I see God;
27 ke mwen, mwen menm va wè, ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje. “Kè m vin fèb anndan m.
Whom I shall see for myself, and mine eyes shall behold, and not another: — my reins are consumed within me.
28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’ pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
If ye say, How shall we persecute him? when the root of the matter is found in me,
29 fè lakrent nepe a pou kont nou, paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a. Fòk nou kab konnen, gen jijman.”
Be ye yourselves afraid of the sword! for the sword is fury against misdeeds, that ye may know there is a judgment.

< Jòb 19 >