< Jòb 18 >

1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:
Tad Bildads no Šuhas atbildēja un sacīja:
2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Cik ilgi vēl jūs grābstīsities pēc vārdiem? Pieņemiet padomu, un tad runāsim.
3 Poukisa nou gade tankou bèt, tankou sòt nan zye ou?
Kāpēc mēs topam turēti par lopiem, un par muļķiem jūsu acīs?
4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, oswa wòch la deplase nan plas li?
Tava dvēsele no dusmām plīst; vai tad tevis dēļ zeme paliks tukša un klintis celsies no savas vietas?
5 “Anverite, limyè a mechan an va etenn, e flanm dife li pap bay limyè.
Tomēr bezdievīgo gaisma izdzisīs, un viņa uguns liesma nespīdēs.
6 Limyè nan tant li an vin fènwa, e lanp li etenn sou li.
Gaišums paliek tumšs viņa dzīvoklī, un viņa spīdeklis pār viņu izdziest.
7 Gran pa dyanm li yo vin kout, e pwòp manèv li a vin desann li.
Viņa varas ceļi paliek šauri, un paša padoms viņu gāž.
8 Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li e li mache sou file a.
Jo viņa kājas to iedzen tīklā, un viņš staigā pār slazda valgiem.
9 Yon pèlen pran l pa talon, e yon filè vin fèmen sou li.
Valgs saista viņa pēdas, un saites viņu satver.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a, e yon zatrap sou chemen li.
Viņa valgs ir apslēpts zemē, un viņa slazds uz ceļa.
11 Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l nan chak pa ke li fè.
Visapkārt bailība viņu iztrūcina un viņu dzen uz visiem soļiem.
12 Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.
Nelaime taisās viņu rīt, un posts ir gatavs viņu gāzt.
13 Kò li devore pa maladi; premye ne lanmò a devore manm kò li yo.
Tas ēd viņa miesas, un nāves pirmdzimušais rij viņa locekļus.
14 Li fin chire soti nan sekirite tant li an e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
Viņa cerība tiek atņemta no viņa dzīvokļa, un viņam jānoiet pie briesmu ķēniņa.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li; souf gaye toupatou sou abitasyon li.
Viņa dzīvoklī dzīvo visai sveši, uz viņa mājas vietu kaisa sēru.
16 Rasin li vin sèch anba li, e branch li fin koupe pa anwo.
No apakšas sakalst viņa saknes, un no augšienes novīst viņa zari.
17 Memwa li fin disparèt sou tè a men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
Viņa piemiņa iznīkst no zemes, un slava viņam nepaliek pasaulē.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
No gaismas to izstumj tumsā un aizdzen no zemes virsas.
19 Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.
Viņam nav nedz bērna, nedz bērnu bērna savos ļaudīs, un neviens neatliek viņa māju vietās.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
Kas rietumos, iztrūcinājās par viņa dienu, un kas austrumos, tos pārņem šaušalas.
21 Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a. Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
Tiešām, tā notiek netaisno dzīvokļiem un tādu ļaužu vietai, kas Dievu neatzīst.

< Jòb 18 >