< Jòb 17 >

1 “Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen. 2 Anverite mokè yo avè m, e zye m fikse sou pwovokasyon yo. 3 “Depoze la koulye a, yon sekirite. Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm. Se kilès ki kab antann avè m? 4 Paske Ou te anpeche kè yo konprann; pou sa, ou pa p egzalte yo. 5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, menm zye pitit li yo va vin gate. 6 “Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la. Konsa, yo vin krache sou figi m. 7 Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m, e tout nanm mwen tankou lonbraj. 8 Moun ladwati va byen twouble ak sa, e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo. 9 Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò. 10 Men nou tout, retounen; malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou. 11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt, menm dezi a kè mwen yo. 12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa. 13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la; (Sheol h7585) 14 Si mwen kriye a fòs tonbo a: ‘Se ou ki papa m’; epi a vè a: “Ou se manman m ak sè m’; 15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye? Epi se kilès k ap okipe espwa m? 16 Èske espwa m va desann avèk mwen nan Sejou Lanmò yo? Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?” (Sheol h7585)

< Jòb 17 >