< Jòb 15 >

1 Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.
3 Èske li ta diskite ak pale initil, oswa ak pawòl ki pa gen valè?
Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
4 Anverite, ou manke respè Bondye e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
5 Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.
Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.
6 Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.
7 “Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?
Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
8 Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo, oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
9 Kisa ou konnen ke nou pa konnen? Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
10 Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.
Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou, menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.
12 Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa? Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!
13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.
14 Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yo e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!
Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
17 “M ap di ou, koute m byen; sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
18 sa ke moun saj konn pale e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.
19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.
20 Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan, e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
21 Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
22 Li pa gen espwa sòti nan tenèb la. Desten li se nepe.
Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.
23 Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.
25 Paske li fin lonje men l kont Bondye e aji ak awogans kont Toupwisan an.
Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan avèk gwo boukliye li.
Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.
27 Paske li fin kouvri figi li ak grès li, e fè kwis li vin lou ak chè.
Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!
28 Li te viv nan vil dezole yo, nan kay kote pèsòn pa ta rete yo, ki fèt pou vin dekonble nèt.
Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.
29 Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire; tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.
30 Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.
Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
31 Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la. Sa a ta yon desepsyon; paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
32 Sa va vin rive avan lè li. Branch palmis li p ap vèt.
Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.
33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, e va jete flè li kon pye oliv la.
Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.
34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
35 Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.

< Jòb 15 >