< Jòb 14 >

1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka. 2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire. 3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk W? 4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn! 5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase. 6 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò, jiskaske li kab konplete jou li yo, kon yon ouvriye jounalye. 7 Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, li kab boujonnen ankò, nouvo boujon yo kab reyisi. 8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, e chouk li mouri nan tè sèch, 9 fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant. 10 Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye? 11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte e rivyè a vin sèch, 12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò. 13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m! (Sheol h7585) 14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m. 15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo. 16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. Èske Ou pa swiv peche m yo? 17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo. 18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; wòch la ap kite plas li. 19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. Se konsa Ou detwi espwa a lòm. 20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale. 21 Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa. 22 Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

< Jòb 14 >