< Jòb 12 >

1 Job te reponn: 2 Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri! 3 Men mwen gen lespri menm tankou ou; mwen pa pi ba pase ou. Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo? 4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag. 5 Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tan pye l chape. 6 Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo. 7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou. 8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou. 9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen ke se men SENYÈ a ki fè sa? 10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a. 11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a? 12 Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann. 13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann. 14 Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati. Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li. 15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a. 16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li. 17 Li fè konseye yo mache pye atè e fè jij yo antre nan foli. 18 Li detache chenn ki mare wa yo, e mare senti yo ak yon sentiwon. 19 Li fè prèt yo mache san rad, e boulvèse sila ki ansekirite yo. 20 Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo. 21 Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo. 22 Li devwale mistè ki nan tenèb yo, e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a. 23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale. 24 Li rache lespri a chèf pèp latè yo, e fè yo egare nan yon savann san chemen. 25 Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.

< Jòb 12 >