< Jeremi 41 >

1 Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,
Men i den syvende måned kom Jisjmael, Elisjamas søn Netanjas søn, en mand af kongelig Æt, der hørte til Kongens Stormænd, fulgt af ti Mænd til Gedalja, Ahikams Søn, i Mizpa; og de holdt Måltid sammen der i Mizpa.
2 Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
Jisjmael, Netanjas Søn, og de ti Mænd, der fulgte ham, stod da op og huggede Gedalja, Sjafans Søn Ahikams Søn, ned med Sværdet og dræbte således den Mand, Babels Konge havde sat over Landet;
3 Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.
også alle de Judæere, som var hos ham i Mizpa, og alle de Kaldæere, som fandtes der, alle Krigerne huggede Jisjmael ned.
4 Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa,
Dagen efter Gedaljas Mord, endnu før nogen kendte dertil,
5 ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.
kom firsindstyve Mænd fra Sikem, Silo og Samaria med afklippet Skæg, sønderrevne Klæder og Flænger i Huden; de havde Afgrødeoffer og Røgelse med til at ofre i HERRENs Hus"
6 Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!”
Jisjmael, Netanjas Søn, gik dem i Møde fra Mizpa og græd hele Vejen, og da han traf dem, sagde han: "Kom med til Gedalja, Ahikams Søn!"
7 Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan.
Men da de var kommet ind i Byen, huggede Jisjmael og hans Mænd dem ned og kastede dem i Cisternen.
8 Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.
Men der var ti Mænd iblandt dem, som sagde til Jisjmael: "Dræb os ikke, thi vi har skjulte Forråd på Marken, Hvede, Byg, Olie og Honning." Så lod han dem være og dræbte dem ikke med de andre.
9 Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.
Cisternen, hvori Jisjmael kastede Ligene af alle dem, han havde hugget ned, var den store Cisterne, Kong Asa havde bygget i Kampen mod Kong Basja af Israel; den fyldte Jisjmael, Netanjas Søn, med dræbte.
10 Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.
Derpå bortførte Jisjmael som Fanger hele Resten af Folket i Mizpa, Kongedøtrene og hele Folket, der var ladt tilbage i Mizpa, og over hvem Livvagts øverste Nebuzaradan havde sat Gedalja, Ahikams Søn; dem bortførte Jisjmael, Netanjas Søn, som Fanger og gav sig på Vej til Ammoniterne.
11 Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a.
Men da Johanan, Kareas Søn, og alle de Hærførere, som var hos ham, hørte om al den Ulykke, Jisjmael, Netanjas Søn, havde gjort,
12 Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an.
tog de alle deres Mænd og drog imod ham, og de traf ham ved den store Dam i Gibeon;
13 Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame an ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan.
og da alt Folket, der var hos Jisjmael, så Johanan, Kareas Søn og alle Hærførerne, der var med ham, blev de glade;
14 Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la.
og alt Folket, som Jisjmael havde ført fanget fra Mizpa, vendte om og gik over til Johanan, Kareas Søn.
15 Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.
Men Jisjmael Netanjas Søn, slap fra Johanan med otte Mand og drog til Ammoniterne.
16 Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an.
Johanan, Kareas Søn, og alle Hærførerne, der var med ham, tog derpå hele Resten af Folket, som Jisjmael, Netanjas Søn, efter at have myrdet Gedalja, Ahikams Søn, havde ført bort fra Mizpa, de Mænd, Krigere, Kvinder, Børn og Hofmænd, som han bragte tilbage fra Gibeon,
17 Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte,
og de drog hen og slog sig ned i Gidrot-Kimham i BetlehemsNabolag for at drage til Ægypten.
18 akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
af Frygt for Kaldæerne; thi de frygtede dem, fordi Jisjmael, Netanjas Søn, havde dræbt Gedalja, Ahikams Søn, som Babels Konge havde sat over Landet.

< Jeremi 41 >