< Jeremi 40 >

1 Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzil a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo. 2 Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a; 3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou. 4 Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.” 5 Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale. 6 Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a. 7 Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. 8 Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. 9 Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.” 11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12 Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite. 13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. 14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?” Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo. 15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?” 16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”

< Jeremi 40 >