< Jeremi 11 >

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di:
耶和华的话临到耶利米说:
2 “Koute pawòl akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo.
“当听这约的话,告诉犹大人和耶路撒冷的居民,
3 Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a,
对他们说,耶和华—以色列的 神如此说:不听从这约之话的人必受咒诅。
4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’
这约是我将你们列祖从埃及地领出来、脱离铁炉的那日所吩咐他们的,说:‘你们要听从我的话,照我一切所吩咐的去行。’这样,你们就作我的子民,我也作你们的 神;
5 pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’” Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”.
我好坚定向你们列祖所起的誓,给他们流奶与蜜之地,正如今日一样。”我就回答说:“耶和华啊,阿们!”
6 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo.
耶和华对我说:“你要在犹大城邑中和耶路撒冷街市上,宣告这一切话说:你们当听从遵行这约的话。
7 ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”.
因为我将你们列祖从埃及地领出来的那日,直到今日,都是从早起来,切切告诫他们说:‘你们当听从我的话。’
8 Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”
他们却不听从,不侧耳而听,竟随从自己顽梗的恶心去行。所以我使这约中一切咒诅的话临到他们身上;这约是我吩咐他们行的,他们却不去行。”
9 Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo.
耶和华对我说:“在犹大人和耶路撒冷居民中有同谋背叛的事。
10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”
他们转去效法他们的先祖,不肯听我的话,犯罪作孽,又随从别神,事奉它。以色列家和犹大家背了我与他们列祖所立的约。”
11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.
所以耶和华如此说:“我必使灾祸临到他们,是他们不能逃脱的。他们必向我哀求,我却不听。
12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo.
那时,犹大城邑的人和耶路撒冷的居民要去哀求他们烧香所供奉的神;只是遭难的时候,这些神毫不拯救他们。
13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
犹大啊,你神的数目与你城的数目相等;你为那可耻的巴力所筑烧香的坛也与耶路撒冷街道的数目相等。
14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
“所以你不要为这百姓祈祷,不要为他们呼求祷告;因为他们遭难向我哀求的时候,我必不应允。
15 Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason, epi chè sen an fin kite ou? Lè ou te fè mal sa a, konsa, ou te rejwi.”
我所亲爱的,既行许多淫乱,圣肉也离了你,你在我殿中做什么呢?你作恶就喜乐。
16 SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.
从前耶和华给你起名叫青橄榄树,又华美又结好果子;如今他用哄嚷之声,点火在其上,枝子也被折断。
17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
原来栽培你的万军之耶和华已经说,要降祸攻击你,是因以色列家和犹大家行恶,向巴力烧香,惹我发怒,是自作自受。”
18 Anplis, SENYÈ a te fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo.
耶和华指示我,我就知道; 你将他们所行的给我指明。
19 Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di, “Annou detwi bwa a ak fwi li. Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.”
我却像柔顺的羊羔被牵到宰杀之地; 我并不知道他们设计谋害我, 说:我们把树连果子都灭了吧! 将他从活人之地剪除, 使他的名不再被纪念。
20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
按公义判断、察验人肺腑心肠的万军之耶和华啊, 我却要见你在他们身上报仇, 因我将我的案件向你禀明了。
21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”—
所以,耶和华论到寻索你命的亚拿突人如此说:“他们说:你不要奉耶和华的名说预言,免得你死在我们手中。
22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou.
所以万军之耶和华如此说:看哪,我必刑罚他们;他们的少年人必被刀剑杀死,他们的儿女必因饥荒灭亡,
23 Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”
并且没有余剩的人留给他们;因为在追讨之年,我必使灾祸临到亚拿突人。”

< Jeremi 11 >