< Ezayi 58 >

1 “Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.
Vièi iz grla, ne usteži se, podigni glas svoj kao truba, i objavi narodu mojemu bezakonja njegova i domu Jakovljevu grijehe njihove,
2 Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.
Premda me svaki dan traže i radi su znati putove moje, kao narod koji tvori pravdu i ne ostavlja suda Boga svojega; ištu od mene sudove pravedne, žele približiti se k Bogu.
3 ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
Zašto postismo, vele, a ti ne pogleda, muèismo duše svoje, a ti ne htje znati? Gle, kad postite, èinite svoju volju i izgonite sve što vam je ko dužan.
4 Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont; pou nou frape ak ponyèt mechan an. Kalite jèn nou fè la jodi a pa p fè vwa ou tande anwo a.
Eto postite da se prete i svaðate i da bijete pesnicom bezbožno. Nemojte postiti tako kao danas, da bi se èuo gore glas vaš.
5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? Pou bese tèt li kon wozo, e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l? Èske se yon jèn ke ou rele sa; menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
Taki li je post koji izabrah da èovjek muèi dušu svoju jedan dan? da savija glavu svoju kao sita i da stere poda se kostrijet i pepeo? To li æeš zvati post i dan ugodan Gospodu?
6 “Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?
A nije li ovo post što izabrah: da razvežeš sveze bezbožnosti, da razdriješiš remenje od bremena, da otpustiš potlaèene, i da izlomite svaki jaram?
7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
Nije li da prelamaš hljeb svoj gladnome, i siromahe prognane da uvedeš u kuæu? kad vidiš gola, da ga odjeneš, i da se ne kriješ od svoga tijela?
8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten, e gerizon ou va vòltije vit devan ou. Ladwati ou va ale devan ou, e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
Tada æe sinuti vidjelo tvoje kao zora, i zdravlje æe tvoje brzo procvasti, i pred tobom æe iæi pravda tvoja, slava Gospodnja biæe ti zadnja straža.
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;
Tada æeš prizivati, i Gospod æe te èuti: vikaæeš, i reæi æe: evo me. Ako izbaciš izmeðu sebe jaram i prestaneš pružati prst i govoriti zlo;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou, e satisfè dezi a aflije a; nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa, e tristès ou va klere kon gran lajounen.
I ako otvoriš dušu svoju gladnome, i nasitiš dušu nevoljnu; tada æe zasjati u mraku vidjelo tvoje i tama æe tvoja biti kao podne.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
Jer æe te Gospod voditi vazda, i sitiæe dušu tvoju na suši, i kosti tvoje krijepiæe, i biæeš kao vrt zaliven i kao izvor kojemu voda ne presiše.
12 Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
I tvoji æe sazidati stare pustoline, i podignuæeš temelje koji æe stajati od koljena do koljena, i prozvaæeš se: koji sazida razvaline i opravi putove za naselje.
13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,
Ako odvratiš nogu svoju od subote da ne èiniš što je tebi drago na moj sveti dan, i ako prozoveš subotu milinom, sveti dan Gospodnji slavnijem, i budeš ga slavio ne iduæi svojim putovima i ne èineæi što je tebi drago, ni govoreæi rijeèi,
14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo. Mwen va bay ou manje, e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, paske bouch SENYÈ a pale sa a.”
Tada æeš se veseliti u Gospodu, i izvešæu te na visine zemaljske, i daæu ti da jedeš našljedstvo Jakova oca svojega; jer usta Gospodnja rekoše.

< Ezayi 58 >