< Ezayi 55 >

1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè. 2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans. 3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la. 4 Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la. 5 Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.” 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve; rele Li pandan Li toupre a. 7 Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w, ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a. 9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a, konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, e panse Mwen yo ke panse pa w yo. 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, pou fè l donnen e boujonnen, pou fè l bay semans pou kiltivatè, ak pen pou sila k ap manje a; 11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye. Li p ap retounen kote Mwen vid, san ke li pa akonpli sa ke M dezire a, san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a. 12 Paske ou va sòti ak kè kontan e mennen sòti ak lapè. Mòn yo ak kolin yo va eklate nan gwo kri lajwa devan ou, e tout bwa nan chan yo va bat men yo. 13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; olye machacha, bwa jasmen va leve. Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

< Ezayi 55 >