< Ezayi 53 >

1 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele? 2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li. 3 Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè. 4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije. 5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon. 6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li. 7 Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li. 8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo. 9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li. 10 Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li. 11 Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo. 12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.

< Ezayi 53 >