< Ezayi 53 >

1 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
Who has believed what they heard from us, and to whom has the arm of Yahweh been revealed?
2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li.
For he grew up before Yahweh like a sapling, and like a sprout out of parched earth; he had no remarkable appearance or splendor; when we saw him, there was no beauty to attract us.
3 Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.
He was despised and rejected by people; a man of sorrows, and one familiar with pain. Like one from whom men hide their faces, he was despised; and we considered him insignificant.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.
But surely he has borne our sicknesses and carried our sorrows; yet we thought he was being punished by God, struck by God, and afflicted.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
But he was pierced because of our rebellious deeds; he was crushed because of our sins. The punishment for our peace was on him, and with his wounds we are healed.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
We all like sheep have gone astray; we have each turned to his own way, and Yahweh has placed on him the iniquity of us all.
7 Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.
He was oppressed; yet when he humbled himself, he did not open his mouth; as a lamb that is led to the slaughter, and as a sheep that before its shearers is silent, so he did not open his mouth.
8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.
By coercion and judgment he was condemned; who from that generation thought anymore about him? But he was cut off from the land of the living; because of the offenses of my people the penalty was put on him.
9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
They placed his grave with the criminals, with a rich man in his death, although he had done no violence, nor had there been any deceit in his mouth.
10 Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
Yet it was Yahweh's will to crush him and make him ill. When he makes his life an offering for sin, he will see his offspring, he will prolong his days, and Yahweh's purpose will be accomplished through him.
11 Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.
After the suffering of his life, he will see light and be satisfied by his knowledge. My righteous servant will justify many; he will bear their iniquities.
12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.
Therefore will I give him his portion among the multitudes, and he will divide the spoils with the many, because he exposed himself to death and was numbered with the transgressors. He bore the sin of many and made intercession for the transgressors.

< Ezayi 53 >