< Ezayi 50 >

1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo. 2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf. 3 Mwen abiye syèl yo ak fènwa e kouvri yo ak twal sak.” 4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip. 5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak. 6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache. 7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou. Pou sa, Mwen pa t twouble menm. Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont. 8 Sila ki jistifye Mwen an toupre; se kilès ki mennen ka a kont Mwen? Kite li rale pre M. 9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo. 10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a. 11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te lime a. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.

< Ezayi 50 >