< Ezayi 50 >

1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
耶和华如此说: 我休你们的母亲, 休书在哪里呢? 我将你们卖给我哪一个债主呢? 你们被卖,是因你们的罪孽; 你们的母亲被休,是因你们的过犯。
2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.
我来的时候,为何无人等候呢? 我呼唤的时候,为何无人答应呢? 我的膀臂岂是缩短、不能救赎吗? 我岂无拯救之力吗? 看哪,我一斥责,海就干了; 我使江河变为旷野; 其中的鱼因无水腥臭,干渴而死。
3 Mwen abiye syèl yo ak fènwa e kouvri yo ak twal sak.”
我使诸天以黑暗为衣服, 以麻布为遮盖。
4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
主耶和华赐我受教者的舌头, 使我知道怎样用言语扶助疲乏的人。 主每早晨提醒, 提醒我的耳朵, 使我能听,像受教者一样。
5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.
主耶和华开通我的耳朵; 我并没有违背,也没有退后。
6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.
人打我的背,我任他打; 人拔我腮颊的胡须,我由他拔; 人辱我,吐我,我并不掩面。
7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou. Pou sa, Mwen pa t twouble menm. Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.
主耶和华必帮助我, 所以我不抱愧。 我硬着脸面好像坚石; 我也知道我必不致蒙羞。
8 Sila ki jistifye Mwen an toupre; se kilès ki mennen ka a kont Mwen? Kite li rale pre M.
称我为义的与我相近; 谁与我争论, 可以与我一同站立; 谁与我作对, 可以就近我来。
9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo.
主耶和华要帮助我; 谁能定我有罪呢? 他们都像衣服渐渐旧了, 为蛀虫所咬。
10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.
你们中间谁是敬畏耶和华、 听从他仆人之话的? 这人行在暗中,没有亮光。 当倚靠耶和华的名, 仗赖自己的 神。
11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te lime a. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.
凡你们点火,用火把围绕自己的 可以行在你们的火焰里, 并你们所点的火把中。 这是我手所定的: 你们必躺在悲惨之中。

< Ezayi 50 >