< Ezayi 49 >

1 Koute Mwen, O lil yo e tande byen, pèp ki sòti lwen yo. SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant; depi nan vant manman M, Li te rele M. 2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li. 3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen, Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.” 4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven. Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.” 5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant pou m ta Sèvitè Li a: Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, pou Israël ta ranmase vè Li (paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a e Bondye Mwen an se fòs Mwen), 6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.” 7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.” 8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, ke M te reponn Ou. Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la, pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo. 9 Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’! Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’. Akote chemen yo, yo va manje e patiraj yo va sou tout wotè vid yo. 10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo. 11 Mwen va fè tout mòn Mwen yo vin yon chemen, e gran chemen Mwen yo va vin leve wo. 12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen; epi gade, sila yo va soti nan nò ak nan lwès la, e sila yo va soti nan peyi Sinim yo. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo. 14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen, e Senyè a te bliye mwen.” 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou. 16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen. Miray ou yo devan Mwen tout tan. 17 Fè pitit ou yo, fè vit. Sila k ap detwi yo e k ap devaste yo va kite ou. 18 “Leve zye ou e gade toupatou; yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: “Ou va, anverite abiye ak yo tout, pou yo sèvi kon bijou ou, e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.” 19 Nan plas dezè e dezole ou yo, nan peyi detwi nèt ou a, anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo, e sila ki te vale ou yo va ale byen lwen. 20 Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou: “Plas sa a twò piti pou mwen; fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.” 21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, paske mwen te pèdi pitit mwen yo, e mwen rete sèl, yon egzile e yon vwayajè? Konsa, se kilès ki te leve sila yo? Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’” 22 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo. Yo va mennen fis ou yo nan sen yo, e fi nou yo va pote sou zepòl yo. 23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.” 24 Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an? Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre? 25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm kaptif a nonm pwisan la va soti, e piyaj la va rache nan men nonm fò a; paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou e Mwen va sove fis ou yo. 26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”

< Ezayi 49 >