< Ezayi 46 >

1 Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige. 2 Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo. 3 Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant. 4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre. 5 A kilès nou ta fè Mwen sanble, fè Mwen vin egal e konpare Mwen, konsi nou te menm bagay? 6 Kèk kon vide lò ki sòti nan bous, oswa peze ajan sou balans. Anplwaye yon òfèv, e l ap fè l vin tounen yon dye. Yo pwostène— e anverite, yo adore l. 7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an. 8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason; kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo. 9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo, paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen, 10 ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.” 11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, yon nonm volonte Mwen an, k ap soti nan yon peyi lwen. Anverite, Mwen te pale. Anverite, Mwen va fè sa rive. Mwen ki te fè plan an; Mwen k ap fè l rive. 12 Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo! 13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.

< Ezayi 46 >